Constant Haïti🇭🇹
Constant Haïti🇭🇹
May 30, 2025 at 04:02 PM
Kou Siprèm Etazini deside pèmèt administrasyon Trump lan revoke pawòl benefisyè pwogram imanitè CHNV a. Jodia nan dat Vendredi 30 me 2025, Kou Siprèm Etazini deside aksepte demann pou sispann (stay) desizyon Tribinal Distrik Massachusetts te pran nan ka sa a pou bloke DHS revoke pawòl benefisyè yo. Kidonk DHS gen otorizasyon pou revoke pawòl benefisyè yo pandan dosye a ap trete nan tribinal apèl. Sonje ke yon “stay” se yon lòd tribinal ki fè tout aksyon sispann tanporèman pandan yap revize yon ka. Sa vle di “rete tann” oswa mete tout bagay sou “poz” pandan y ap pran dènye desizyon an. 🛑 Ki sa sa vle di pou benefisyè yo? DHS kapab a nenpòt ki moman revoke estati pawòl yo jan yo te fè sa deja. Gen 2 fason pou “stay” a sispann: Si dosye a fin trete nan tribinal kou dapèl, epi yo bay plentif yo rezon sou DHS, DHS kapab deside monte ak dosye a nan tribinal kou Siprèm pou revizyon. Si Kou Siprèm deside “non, nou pa pral tande ka a” (yo refize certiorari a). Lè sa rive, “stay” a fini imedyatman. Desizyon tribinal apèl la se desizyon final la epi “stay” la anile otomatikman. Si Kou Siprèm lan deside “wi, n ap tande ka a” (yo aksepte certiorari a), lè sa rive, “stay” a ap kontinye jiskaske Kou Siprèm lan pran dènye desizyon an sou ka a. Kidonk yap kapab kontinye revoke pawòl yo jiskaske kou Siprèm tranche. Si ou te vini nan CHNV, ou gentan gen yon lòt estati, desizyon sa pa enpakte ou dirèkteman. Se sèlman moun ki te ap fonksyone anba pawòl la sèlman ki ap ekspoze a risk depòtasyon si pawòl yo revoke epi yo pa gen okenn lòt estati. Si ou gen yon dosye ki en attente, pa gen lòt chwa ke ret tann yo apwouve li epi aplike pou yon kat travay anba nouvo estati sa en esperant ke lap apwouve avan dat ekspirasyon kat pawòl la.

Comments