Constant Haïti🇭🇹
Constant Haïti🇭🇹
May 30, 2025 at 10:18 PM
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Fritz Alphonse Jean patisipe jounen vandredi 30 me 2025 lan nan seremoni ofisyèl lansman sezon siklonik pou ane sa a k ap kòmanse nan dat premye jen epi k ap bout 30 novanm nan menm ane a. Se yon seremoni ki te dewoule nan prezans minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal la, Paul Antoine Bien-Aimé, minis Travo piblik, Transpò ak Kominikasyon an, enjenyè Raphaël Hosty, minis Kondisyon fanm ak Dwa fanm lan, Pedrica Saint-Jean, majistra Taba a, Arsonval Alexandre. Nan diskou sikonstans lan, Prezidan KPT a, Fritz Alphonse Jean reafime volonte Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou fè bon jan prevansyon pou sezon siklonik lan yon fason pou evite gwo dega pandan sezon sa a.Toutfwa, li remèsye epi felisite jefò responsab yo nan direksyon santral Pwoteksyon sivil la pou sant ebèjeman pwovizwa yo deja mete kanpe. Pi lwen, Prezidan KPT a fè konnen sezon siklonik lan pa yon fatalite, se nan sans sa li ankouraje tout pitit peyi a mete men ansanm pou simonte peryòd sa a.
Image from Constant Haïti🇭🇹: Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Fritz Alphonse Jean ...
👍 😢 🙏 3

Comments