Ton Evens
Ton Evens
May 15, 2025 at 03:59 AM
Marriage Fraud se Krim Pa Mete Lavi'w an Danje! Gouvènman Ameriken, atravè USCIS ak ICE, fè konnen yo arete yon fanm ki te admèt pandan entèvyou li nan El Paso, Texas, ke li te marye pou rezon imigrasyon sèlman. Sa rele marriage fraud sa vle di maryaj fo pou jwenn papye e se yon krim federal ki gen gwo konsekans. Kisa Marriage Fraud ye? Marriage fraud se lè yon moun marye pa pou lanmou ni lavi ansanm, men sèlman pou benefis imigrasyon. Lè yo dekouvri sa: •Moun ki fè maryaj la kapab arete, jije, e mete nan prizon. •Li kapab pèdi tout chans pou jwenn papye nan tan kap vini. •Li ka depòte. •Ameriken ki patisipe ladan l ka peye gwo amann oswa ale nan prizon. Mesaj sa a enpòtan anpil pou tout Ayisyen kap viv Ozetazini, sitou: 1.Moun ki antre nan pwogram Biden lan (CHNV): •Ou deja antre legal, pa riske lavi ou pou fo maryaj. Si ou vle vin legal nèt, swiv lwa yo. •Gouvènman an ap veye tout move manyè ou eseye “ajiste estati” w sou baz maryaj fo. 2.Moun ki antre pa fontyè, espesyalman nan Texas: •Si ou gentan antre epi ou fè demann azil, sa pa vle di ou ka marye ak nenpòt moun pou fè papye. •Lè ICE ak USCIS dekouvri li se fo maryaj, dosye azil ou menm kapab mete an danje. 3.Moun kap viv anba TPS oswa lòt pwoteksyon: •TPS pa vle di ou pap janm pèdi estati w. Si ou vin mele nan fo maryaj, ou ka pèdi tout sa ou te genyen. Men kèk Konsekans Marriage Fraud: •Prizon pou jiska 5 an •Amann jiska $250,000 •Entèdiksyon pou aplike pou kat rezidans oswa sitwayènte pou tout lavi Nou konprann anpil moun anvi jwenn papye. Men chemen mal pa janm bon. Ton Evens ap ankouraje nou: •Chèche bon konsèy legal •Fè bagay yo legal •Kenbe diyite w e sonje: tout sa ou bati sou manti, ap tonbe yon jou. #marriagefraudsekrim #imigrasyonusa #chnv #fontyetexas #tpsayisyen #ayisyenozetazini #legalpafo #tonevens #ayisyennanlalwa #uscis #ice #tonevenschannel

Comments