Ton Evens
Ton Evens
May 18, 2025 at 06:59 PM
TIT: ICE KRAZE FENÈT YON MACHIN POU ARETE IMIGRAN – TOUT AYISYEN DWE RETE VIJILAN! Sous: NBC South Florida Yon videyo ki bay sezisman ap sikile sou rezo sosyal kote yo montre yon ajan ICE (Imigration and Customs Enforcement) ap kraze fenèt yon machin pou arete yon imigran. Evènman sa a fèt nan vil Waltham, Massachusetts. Se yon jèn fi 16 lane ki tap tann bis pou ale lekòl ki pran videyo a. Dapre sa li filme, ICE te kraze fenèt machin nan epi arete de mesye apre yo pa t obeyi lòd otorite yo. Zak sa a lakoz anpil kòlè ak enkyetid nan kominote imigran yo. KONSEY POU TOUT AYISYEN KI GEN TPS, AZIL, KAT TRAVAY OSWA KI SOU PWOGRAM BIDEN LAN: 1. Pote dokiman w sou ou toujou: TPS, Kat Travay, Apwobasyon Azil, Estati Pwoteksyon Tanporè oswa nenpòt lòt dokiman legal. 2. Evite diskisyon ak ICE: Si w vin an kontak ak ICE, ou pa oblije reponn kesyon yo san avoka. 3. Kenbe kalm epi mande avoka: Ou gen dwa pou w mande avoka. Pa siyen okenn papye san ou pa konprann li oswa san avoka ou. 4. Evite bay manti: Sa ka fè ou pèdi estati ou si ou bay fo enfòmasyon. 5. Pa mete tèt ou nan sitiyasyon ki riske: Evite misanplas, evite kondwi san lisans, epi pa neglije dat randevou imigrasyon ou. 6. Fè kopi tout dokiman ou: Mete yo sou telefòn ou, voye kopi bay yon fanmi ou fè konfyans. MESAJ POU KOMINOTE A Sitiyasyon imigrasyon lan ap vin pi delika chak jou. Menm lè w legal, ou dwe toujou vijilan. Se pa tout ajan ICE ki apwoche ou ak respè. Se pou sa, wòl ou se defann tèt ou ak dwa ou, men san vyolans. Se sèlman avèk preparasyon ak konsyans ke n’a ka fè fas ak nenpòt sitiyasyon san pèdi tèt. #ayisyen87 #tonevens #immigrationalert #ice #massachusetts #tps #azil #kattravay #bidenparole #imigrasyonusa #vigilans #dwaimigran #whatsappnews

Comments