
Ton Evens
May 24, 2025 at 12:59 AM
Chanjman sou Kat Travay Ozetazini – Sa Ou Dwe Konnen
Dapre nouvo enfòmasyon ki soti nan otorite imigrasyon ameriken yo ak kèk pwopozisyon lejislatif ki sou tab la, gen gwo chanjman kap vini pou moun ki posede Kat Travay (EAD) Ozetazini. Se pa tout sa w ap tande sou rezo sosyal ki vre, men ann mete limyè sou sa ki deja ap aplike ak sa yo ta ka chanje.
⸻
1. Kisa Kat Travay la Ye?
Kat Travay, oswa Employment Authorization Document (EAD), se dokiman ofisyèl USCIS bay moun ki pa sitwayen ameriken pou yo ka travay legalman Ozetazini.
⸻
2. Ki Nouvo Chanjman Ki Egziste Depi 2024?
Depi 13 janvye 2025, USCIS mete yon ekstansyon otomatik sou EAD. Sa vle di si ou soumèt demann renouvèlman ou alè, ou kapab kontinye travay jiska 540 jou pandan y ap trete aplikasyon ou a.
Sous:
USCIS - EAD Automatic Extension
Federal Register - Règ Final USCIS
⸻
3. Pwopozisyon ki sou Tab la: Chak 6 Mwa pou Renouvle?
Gen yon bills (pwopozisyon lejislatif) ki mete devan Kongrè a, kote:
•Chak moun ki gen Kat Travay ta oblije peye $550 chak 6 mwa pou renouvle li.
•Yo ta elimine posiblite pou egzante frè sa a (menmsi w pa gen mwayen).
•Sa a poko vin lwa, li se yon PROPOZISYON, men li kapab afekte anpil moun si li pase.
Sous:
YouTube: GOP Bill - $550 Work Permit Proposal
⸻
4. Kisa Pou w Fè Kounye a?
✅ Rete Enfòme:
Toujou verifye enfòmasyon w ap tande sou rezo yo sou sit ofisyèl tankou www.uscis.gov oswa paj Channel WhatsApp Ton Evens lan.
✅ Soumèt Renouvèlman Alè:
Soumèt demann renouvèlman ou 90 jou anvan dat ekspirasyon Kat la.
✅ Kenbe dosye ou ajou:
Sonje kenbe kopi tout resi USCIS voye ba ou.
✅ Konsilte yon avoka imigrasyon si w pa sèten.
⸻
Gwo KONSEY Ekonomi Pou Evite Surpri:
Ou dwe prepare depi kounye a si nenpòt bòdwo sa yo ta pase:
•Mete $100 pa mwa sou kote tankou yon ti fon sekou pou Kat Travay ou.
•Evite depans initil.
•Fè bidjè chak mwa pou prepare pou nenpòt frè legal.
•Si w ka travay plizyè kote legalman, fè sa pou w mete ekonomi sou kote.
⸻
Pou plis enfòmasyon, abònman ak Channel WhatsApp Ton Evens lan
Pou resevwa nouvèl serye, verifye, ak konsèy sou lavi, imigrasyon ak ekonomi.
#tonevens #kattravay #nouvolwausa #imigrasyonaktualite #savelajan #eadnews #renouvlekattravay #whatsappnews #ayisyenousa
⸻
Toujou verifye enfòmasyon w tande sou rezo sosyal! Ton Evens toujou la pou ba ou verite a... 🙏🏾