Ton Evens
Ton Evens
June 5, 2025 at 02:18 AM
📰 TRUMP METE ENTÈDIKSYON SOU AYISYEN POU YO PA RANTRE ETazini 📅 4 Jen 2025 | Sous: White House 📌Prezidan Donald Trump siyen yon dekrè ofisyèl, mèkredi 4 jen 2025 lan, ki entèdi sitwayen Ayisyen antre Ozetazini. Dapre sa Lamezon Blanch fè konnen nan yon nòt ki soti piblikman, yo pran desizyon sa a apre yon rapò detaye montre plis pase 31.38% Ayisyen ki te jwenn aksè legal nan peyi a pa t respekte tan yo te gen dwa rete. Sa vle di, yo depase kantite jou otorite imigrasyon ameriken yo te ba yo. 🧾 Nòt Lamezon Blanch lan mete aksan sou sa yo rele “enpak negatif” migrasyon Ayisyen yo sou kominote ameriken yo. Administrasyon Trump lan akize ansyen Prezidan Joe Biden kòm responsab pou sitiyasyon sa a, paske li te pèmèt — selon yo — plizyè santèn milye Ayisyen antre ilegalman sou teritwa Ameriken an. Dapre nòt la, sitwayen sa yo “vin nwi kominote ameriken yo, epi kreye yon gwo risk pou devlopman rezo kriminèl ak lòt menas sou sekirite nasyonal la.” 📍Ayiti pa sèl peyi ki afekte pa desizyon sa a. Nan lis peyi entèdi yo, nou jwenn tou: • Afghanistan • Tchad • Iran • Libi • Somali • Soudan elatriye… 💬 Dekrè sa a soulve anpil reyaksyon sou rezo sosyal yo e li deja mete anpil Ayisyen nan kè sote sou sa k ap vini pi devan. ⸻ 📲 Rete branche sou Ton Evens Channel pou plis enfòmasyon #trump #ayiti #imigrasyon #etazini #dekrèprezidansyèl #lamezonblanch #entèdiksyon #tonevensnews #ayisyennandyaspora #breakingnews #4jen2025
❤️ 1

Comments