Ton Evens
Ton Evens
June 7, 2025 at 06:24 AM
🇺🇸 KONSÈY POU TOUT IMIGRAN SAN PAPYE NAN USA Pa kite enkyetid tounen panik men pa viv san prekosyon. Jodi a, anpil frè ak sè nou ap viv Ozetazini san papye. Gen moun ki konprann, men gen lòt ki pa vle wè nou. Yo ka rele imigrasyon sou ou menm si ou pa fè anyen mal. ICE pa bezwen anpil eskiz pou vin sou ou. Se poutèt sa nou mete kèk konsèy senp, men trè enpòtan pou tout moun ki nan sitiyasyon sa: ⸻ 🛑 Kisa pou w pa fè: • Pa ale nan restoran, sinema, oswa lòt kote piblik si se pa nesesè. Gen moun ki ka fè sanble w sispèk epi rele imigrasyon sou ou. • Pa frekante zòn ki izole oswa kote ki pa gen imigran. Sa fè w plis vizib epi pi fasil pou ICE mete w nan vizaj yo. • Pa mache antre nan boutik oswa market si ou pa bezwen anyen. Sa ka parèt sispèk epi atire atansyon. • Pa leve vwa w, pa fè dezòd an piblik. Tout je sou ou. Piga w bay rezon pou yo di “li pa konpòte l byen.” ⸻ ✅ Kisa pou w fè: • Rete disrè. Mete w senp, pale dous, epi evite twòp entèraksyon ak moun ou pa konn. • Mache ak moun ou fè konfyans. Pa pran wout poukont ou si sa pa nesesè. • Kenbe kontak yon avoka imigrasyon. Menm si ou pa nan pwosesis legal, toujou gen yon non ak nimewo ou ka rele si gen ijans. • Si ICE kanpe w, sonje dwa ou. Ou pa oblije reponn kesyon. Ou ka di: “Mwen ta renmen pale ak yon avoka.” Pa siyen okenn papye si ou pa konprann li. Pa bay okenn fo enfòmasyon. ⸻ ✊🏾 Sonje: Se pa pè pou w viv, men se bonjan prekosyon. Nou pa ka kontwole tout bagay, men nou ka kontwole jan nou deplase. Kenbe tèt ou, pwoteje tèt ou, epi toujou panse pou demen. ⸻ 📲 Pataje mesaj sa ak tout moun ou konnen ki kapab konsène! Se youn ede lòt nap kenbe kominote a vivan. ⸻ #imigranansekirite #eviteice #tonevenspoupepla #vivsanpapye #kenbetètoufwad #ayitinandyaspora #protejetètou #noulatoujou

Comments