Ton Evens
Ton Evens
June 7, 2025 at 07:09 AM
ALÈT IMIGRASYON – REVÒKASYON ESTATI “MOUN BIDEN YO” 🛑 Nan yon deklarasyon ofisyèl USCIS (U.S. Citizenship and Immigration Services) fè piblik vandredi 6 Jen 2025, yo anonse ke yo pral voye notifikasyon bay tout moun ki te antre Ozetazini anba pwogram imanitè ke administrasyon Biden lan te mete sou pye. ✅ Kisa sa vle di? Plis pase 500,000 moun ki te benefisye pwoteksyon imanitè pou antre legalman Ozetazini ap resevwa yon lèt ofisyèl pou di estati yo revoke, ansanm ak kat travay yo. 🏛️ Sa fèt apre Lakou Siprèm Ameriken fin bay otorizasyon pou mete fen nan pwogram sa. Desizyon sa te sòti depi 30 me 2025, kote yo te pèmèt administrasyon Trump lan mete fen nan pwogram lan, malgre li te deja ap fonksyone sou baz imanitè. 📉 Konsekans yo deja kòmanse: Plizyè gwo konpayi tankou Walmart, Disney World, elatriye, ap revoke oswa refize renouvle travay moun ki antre anba sa yo rele “Moun Biden yo.” ⸻ 📌 KONSÈY POU KOMINOTE A: ✔️ Pa panike, men pran prekosyon. ✔️ Si ou se youn nan moun ki antre anba pwogram sa, konsilte yon avoka imigrasyon imedyatman pou verifye si ou gen lòt opsyon legal (azil, TPS, maryaj legal, elatriye). ✔️ Evite zone oswa espas piblik ki ka mete w an danje pou w pa vin viktim arestasyon. ✔️ Pa bay manti sou estati w, men pa bay plis detay pase sa ki nesesè. ✔️ Sonje, ou gen dwa mande konsèy legal anvan ou siyen oswa dakò ak okenn dokiman. ⸻ 📣 Pataje atik sa ak tout fanmi ak zanmi w, pa kite pè lenfòmasyon fè w pèdi dwa w. Se enfòmasyon ki sove lavi. #uscis #imigrasyon #tonevens #mounbidenyo #estatirevoke #imigranlegal #ayiti #tps #imigrasyonusa #pabaytetnou #imigranandanze #walmart #disneyworld #newstonevens #konsèypouimigran #ayisyenusa #avokaimigrasyon

Comments