
Infos Partage
June 12, 2025 at 11:39 PM
📌Jij Brian Cogan kap enstwi dosye plent kont administrasyon Trump lan sou dosye TPS Ayisyen yo, bay Depatman Sekirite Enteryè delè sa a, nan yon òdonans li pran, jedi 12 jen 2025 lan. Daprè sa Mèt Frandley Denis Julien rapòte, jij la pran desizyon an, aprè avoka kap defann òganizasyon ki pote plent yo te ekri li yon dezyèm lèt pou mande l pou aji sou dosye a rapid, paske gen moun ki aplike pou TPS ki pa janm jwenn repons, kap pèdi djòb yo, e ki pa konn kisa pou yo fè. Nap raple, DHS te gen jiska 3 a 4 jen pase a pou te pran yon desizyon, men yo poko janm fè sa jiskaprezan | LSV

🙏
👍
😢
😮
❤️
🎉
😂
🥲
26