Stamelin (Billet D'humeur ✍️)
Stamelin (Billet D'humeur ✍️)
May 27, 2025 at 12:07 AM
Yon Madan marye rantre epi l jwenn mari l ki telman fin byen plumen yon fi nan kabann li an, dòmi menm rive pran yo. Mandanm nan te eksploze konsa! _"Ou se yon kochon ki pa gen respè!" Jerry Kijan ou oze fè m sa - yon Madanm Fidèl tankou m, Manman Pitit ou yo! Mwen fini ak maryaj sa depi jodi a menm Mwen vle yon Divòs. Mari a te reponn avèk kalm, _"Atansyon jis yon minit cheri. Omwen kite m di w sa k te pase."_ _"Oke, fè pi vit petet se dènye konvèsasyon nou",_ ak dlo nan Je madanm nan t ap tande mari l kap pale. Mari a te kòmanse: _"Ebyen, pandan m t ap monte machin nan travay pou m kondui lakay mwen, Jenn dam sa a te mande m yon woulib, Li te tèlman depresif, san sekou e san defans mwen te pran pitye pou li epi m te kite l antre nan machin nan."_ _"Figi l te fennen, mal abiye, yon bann rad sal sou li e li te di m ke li pa t manje depi twa jou."_ _"Pa konpasyon, mwen mennen l lakay la epi chofe pitza mwen te fè pou ou yè swa ke ou te refize manje paske ou pè pou w pa pran pwa. Malerèz la te manje l tankou prizonye ki fenk lage."_ _"Li te sal. Mwen te propoze l pran yon beny. Mw te tou fè l jete vye rad sal li yo. Epi Mwen te ba li jins Dizaynè ke ou te genyen la depi lontan men w pa janm mete paske l trò sere w la. _"Mwen te tou ba li pake kilòt ke m te fè w kado pou fèt ou men w pa janm mete youn nan yo jis paske w estime ke m pat gen bon gou, kòm kwa kilòt yo pat bon. _Mwen te ba li kòsaj sexy sè m te ba w pou Nwèl la, ke w pa janm mete sou preteks ke w pa fè fanmi m yo konfyans. _ Mw bay bòt sa yo tou ou te achte byen chè men ou pa mete jis paske yon moun nan Travay ou ki genyen l tou. Mari a pran yon poz, li rale yon gro souf epi li kontinye: _"Li te tèlman rekonesan pou konpreyansyon mwen ak èd mwen, ke pandan m te mennen l ale nan Pòt la, li te tounen vin jwenn mwen ak dlo nan je l epi li di, "Tanpri, Mesye... Èske w gen nenpòt lòt bagay ke Madanm ou pa itilize. Epi M vin sonje ke depi 10 mwa ou pa konnen si m fanm si m gason nan kay la.” *Prince noire*🤷‍♂️
😂 👍 ❤️ 😢 😮 🤣 26

Comments