
💔 - L'𝕀𝕟𝕗𝕠𝕣𝕥𝕦𝕟𝕖́. 💔
June 1, 2025 at 03:55 AM
Istwa Papi 🥰
part 2
Li dim te kwè li te dim tann mwen gen 18 ans,m dil m pa ka tann,li dim sil pat anvi bom 🥰tou li tap fache li pa renmen moun ki pa konn tande 🥺 li dim fok mwen tann 🥺se kek mwa ki rete epi se te denyé fwam tap wèl 🥺,m ta pral pa janm wèl ankò avan lontan 🥹. Après sa ki te pase nan buro an,m te vinn pi damou ❤️papi🤭 toujou,apresa li mennenm lakay mwen,yon menl kenbe volan lot men an nan menm ,li bom😘 sou do men,li dim poum fèl konfyans,sim ta gen yon problèm ,relel lap toujou la.m te santi 🙈map viv m te erez😚Epi nan demen,m te fek sot lekol,bandi anvayi zòn bò lakay mwen,se te manmanm bòpèm ,avem ki tap viv nan kay la ,jou sa yo antre lakay mwen yo tuye bòpèm nan devanm , épi yo di mwen ak manmanm kouri🏃♀️, nou pete kouri🏃♀️🏃♀️ nou chak te fè yon direksyon , mwen tal ateri byen lwen ak kèk moun ki te rete nan zòn nan,anojou mwen pa konn ki kote manmanm te fè🥺 mw te vin poukom ,map kriye😭😭 m pat anvi viv ankò,m tap mande Bondye kisa m pral fè m pat gen kote poum te rete bòpèm mouri 🥹em pat janm gen chans rekonet papam😭 , gen yon responsab lekol ki ba nou kote poun rete men sa pat ase🥺,paske m pat ka manje,m pat gen rad Poum te mete sou mwen koz m pat gen chans kouri ak anyen 🥺🥹 Gen yon dam ki te telman gen bon kè 🩷, tout sal jwenn li ban mwen tou ,yon jou li dim ke gen yon moun ki dil bandi yo boule majorité kay ki te gen nan zòn kotem te rete a,li dil pral obligé al jwenn fanmil an pwovens🥺li mandem sim pa gen moun an pwovens m dil non ,malgre sa li ale vre,m te Santi lavi
Pat gen sans ankò pat rete anyen Poum te fini ak lavim😫gen yon mesye ki dim sim asepte ret avèl lap lwe kay,lap peye lekol pou mwen,m pa aksepte, li dim yo pral mande m kite espas la kotem prale.M vinn ap panse ak papi😍map poze tèt mwen kesyon eskel bliyem eskel pa tande sak pase yo🤔,m pat gen numérol📱 nan tèt mwen poum relel,m te sonjel ,e li pat fasil Pou moun antre an kontak avèk li,paske li rich , donk li rare anpil . 2 mwa aprè ,yo fè nou kite espas lan vre, m al pale ak mesye ki responsab la,li dk😮💨 Pou m rete ak kondisyon Pou m netwaye espas la chak jou lap banm 3 mil goud pa mwa m di se Bondye ki kòmanse tande priyè mwen yo,men li pat fasil 😪,te gen anpil salte akoz moun ki te fè 3 mwa rete anndan,men mwen pat bese lè bra 🤕,m di sa pap rete konsa. M vinn jwenn yon lise kap pranm nan mitan ane , mwen vinn etidye😌m konpoze m pase Pou m al fè S3 m te telman kontan🙃 , m di m jwenn yon rezon poum kontinye viv. 3 mwa aprè,m antre lekol ankò . Apresa m te vinn jwenn mwayen poum kontakte papi😘,menmsi se pa antrepriz li an, menm pat janm fèl, m te vle konnen konnen sil te anvi wèm avan m te vinn jwenn plizyè moun renmenm ,ofrim kòb🤑, fèm gro propozisyon Pou yo retirem kotem ye a ,peye Yon Pi bon lekol Pou mwen,m di non m te pwomet papi🥰map ret pouli fok m kinbe pwomes mwen menmsi li pat fasil Pou mwen pafwa konn telman grangou se dlo sikre m fè pou m domi🥺 epi yon bon jou pandanm sot lekol, m Finn retire inifom sou mwen , m soti mal chache yon bagay Poum manje, mwen wè gen zen m fè Yon ti kanpe m kwaze bram map gade, m vinn wè Yon bèl Machin kanpe, m pa trò prete atantyon épi se konsa m wèl desann Machin nan lap avanse sou mw m telman sezi, m friz kèm 🩷sote papi vinn pi bo gason, li fè 6'6 li nwa, li toujours byen move😒an aparans poutan fasonl mache e lè lap pale toujou kalm,m te toujou konn dil kem pap janm jwenn yon moun ki ka rivalizel telman li bel homme,li konn ri😁lem dil sa . Souri li toujou ban mwen an ,sa ki te fèm tonbe damou an. Tank lap avanse se kèm kap bat pi fò💓,e map swe li toujou byen abiye fwa sa li mete Yon chemiz lin blan li retwouse manch yo , muscles li yo parèt,yon pantalon twal mont Rolex ,konpare avèm ki pa sanble anyen,yon rad nwa long ak yon boyo nan pyem m wont 🙈🥹m Santi m ta kouri men mwen friz . Lèl rive prem li pa di anyen , li tou pranm nan bral, li pezem fò ,li bom 🥰 se tout sam te gen bezwen, m santi tout problem mwen ale , m santim rekonfòte, mwen an sekirite Aprè yon minit li fè Yon ti lachem epi li bom😘 sou fron li gadem li karese😌 vizaj mwen li di...
À swiv...