RE-VISION 🇭🇹
RE-VISION 🇭🇹
June 8, 2025 at 04:47 PM
*✅Daprè sa ICE di AFP nan yon kominike, ajan CBP te kenbe Khaby Lame nan ayewopò entènasyonal Harry Reid nan Las Vegas (Nevada),🇺🇸nan dat 6 jen 2025 lan, poutèt li te depase dat validite viza li. Aprè yo fin kenbe l, ajan ICE ta pral mete TikTokè Italyen dorijin Senegalè a nan detansyon pou yon ti tan tou kout. Sepandan, otorite federal yo te bal otorizasyon pou kite peyi a « volontèman ». Enfliyansè 25 lane a ki te rantre Etazini depi 30 avril pase, te vin oblije kite teritwa ameriken an aprè sak pase a. Nap raple, Khaby Lame se kreyatè kontni ki gen plis moun kap swiv li sou TikTok, avèk 162.2 milyon abòne | AFP News Agency RFI*
Image from RE-VISION 🇭🇹: *✅Daprè sa ICE di AFP nan yon kominike, ajan CBP te kenbe Khaby Lame n...
😮 3

Comments