
RE-VISION 🇭🇹
June 10, 2025 at 01:52 AM
🚨gang sal Savyen yo pa deside chome.
3 pasajè ki t ap soti Ponsonde pou rantre Vila(Balatibonit) al kwaze ak gang sal Savyen yo sou wout nasyonal #1 an (Kafoupèy), lendi 9 jen 2025 la nan anviwon 7h nan aswè. Chofè taksi moto pasajè yo te ye a fè aksidan nan moman gang sal yo rale zam sou chofè moto a. 2 nan pasajè yo rive sove nan moman aksidan an, lòt 2 moun yo rete nan men gang sal yo daprè 2 pasajè ki sove yo.
Lapolis pat pran tan pou rive, lapolis te tire anpil katouch ak gang sal Savyen yo. Nap raple w gang sal Savyen yo toujou nan raje a nan zòn Daken, anndan Bèlè, kwa Mowo. Tout zòn sa yo se zòn ki tou prè Kafoupèy(wout nasyonal #1) pran anpil prekosyon lè n ap travèse Kafoupèy.
Grenn Pwomennen Media
😮
🙏
2