
RE-VISION 🇭🇹
June 10, 2025 at 02:15 PM
🚨Lagonav : gang sal debake “Lilèt Kwesan” epi maltrete abitan yo
Sitwayen “Lilèt Kwesan” viktim, samdi 7 jen 2025, anba men gang sal k ap opere nan gòlf lagonav.
Se chak segonn ki pase, bandi yo ap moutre mannyè yo kontwole peyi Dayiti, sou vwa tèrès kou maritim. Wikenn pase, gang sal yo, abò flaybòt debake sou youn nan ti zile ki sou awondisman lagonav yo epi fè dega san gade dèyè. “Yo bat abitan yo, kase kle pou rantre nan kay yo pa la fòs epi vòlè sa sitwayen yo posede”, daprè yon sous fyab.
Endividi yo poze aksyon malonèt sa pandan yo t ap mennen operasyon nan gòlf Lagonav kote yo kontwole sid ak nò lanmè a, depi anviwon 3 lane . Nan sware samdi 7 pou rive 8 jen 2025 (bò 2zè nan maten), bandi yo vòlè flaybòt “Dinwa” ak 2 motè 250 (CV) pandan l te sou mouyay, Kaliko.
Pandan rantre an fonksyon l, mas 2025, Vis-Delege awondisman Lagonav, Ednel Désir te pwomèt sekirite sou lanmè a. Nan entèval sa, bandi yo deja detounen batiman sou vwa maritim nan 12 fwa pou pi piti. Fas ak sitiyasyon sa, abitan yo pa knn ki zen pu yo rele
👍
😂
2