RE-VISION 🇭🇹
RE-VISION 🇭🇹
June 10, 2025 at 06:39 PM
*✅USCIS ofisyèlman mete fen a TPS Venezuela anba deziyasyon 2023 a epi revoke tout dokiman yo.* *Apre Kou Siprèm Etazini te pèmèt gouvènman an pou mete fen a TPS Venezyela kategori deziyasyon 2023 a, USCIS ofisyèlman pibliye sou site yo a ke yo mete fen a TPS la pou yo san yo pa bay okenn peryòd gras.* *Sa vle di, tout estati TPS citoyen Venezuela ki soti anba deziyasyon 2023 a sispann apati 7 avril 2025, e tout dokiman ki asosye ak TPS sa yo (tankou EAD, I-797, I-94) pa valab ankò. Sèl moun ki te deja resevwa dokiman TPS anvan oswa nan dat 5 fevriye 2025 ap kapab kontinye gen estati yo pwoteje pandan pwosè a ap kontinye nan tribinal.* *Kisa sa vle di pou yo? Tout moun ki pat gentan aplike pou okenn lòt benefis ant 7 avril ak jodi a (10 jen 2025) vin san estati e sistèm lan ap kòmanse konte prezans ilegal yo depi 8 avril 2025. Sa vle di moun sa yo ekspoze a risk depòtasyon imedya, yo ka gen pwoblèm pou ajiste estati yo pi devan.*
😢 2

Comments