La Présidence Haiti
La Présidence Haiti
June 3, 2025 at 11:05 PM
Konseye-Prezidan Louis Gérald Gilles rankontre yon lòt fwa ankò, jounen madi 3 jen 2025 lan, ak reprezantan Komisyon nasyonal Sibvansyon Petwolyè Sible a, nan Viladakèy. Plizyè lòt pèsonalite te patisipe nan reyinyon sa a, tankou minis Ekonomi ak Finans lan, Alfred Métellus, minis Komès ak Endistri a, James Monazard, Direktè jeneral DGI a, Romuald Petit ak Direktè jeneral OAVCT a, Pierre Raymond André. Versailles Mackenson, Rémy Sanozier, Desroches Jacques Anderson, Jeannot Miguel, Marcelin Jean Philippe, Nazaire Georges ak Siméon Jean Nerva, te reprezante sendikalis yo. Diskisyon yo te chita sou kijan yo kapab pote solisyon ak sibvansyon gaz la nan peyi a. Minis yo ak Direktè jeneral ki te patisipe nan echanj yo pwomèt pou fè efò pou ede amelyore sektè gaz la. Nan sans sa a Konseye-Prezidan an anonse yon jounen travay ak tout otorite konsène yo pou kapab chita espesyalman sou estrateji pou Pwotokòl Akò ant Leta ayisyen ak sektè a, ki siyen depi 2021 an, kapab pi efikas.

Comments