La Présidence Haiti
La Présidence Haiti
June 10, 2025 at 11:39 PM
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Fritz Alphonse Jean, akonpaye ak Majistra Pòtoprens lan, Youri Chevry, te fè yon vizit nan komin Piyon. Pandan vizit sa a, yo te rankontre ak reprezantan sosyete sivil Mibalè a, nan lide pou koute epi pran an konsiderasyon doleyans popilasyon an sou sitiyasyon ensekirite ki ap ravaje zòn nan depi plizyè semèn. Diskisyon yo te chita sou twa pwen esansyèl: 1. Retablisman sekirite: Mete an plas mezi ijan pou fasilite retou moun ki deplase yo lakay yo. 2. Sipò pou lapolis: Asire pèman regilye pou tout polisye k ap travay san pran souf, lajounen kou lannuit, pou sekirize popilasyon an, epi ankouraje yo kontinye efò aprè lapè fin retabli nan Mibalè. 3. Moun Mibalè Finn dekapitalize. Fòk gen dispozisyon ki pran pou pèmèt biznis yo, fanmiy yo repran pye. 4. ⁠Rekonstwi komin lan. Apre dega nèg ak zam Finn fè nan zòn nan, Fòk gen mezi ki pran pou rebati komin nan pou pran chimen redrèsman ekonomik. Prezidan KPT a, Ekselans Fritz Alphonse Jean, anonse plizyè mezi ki deja pran pou konbat prezans nèg ak zam yo, ni nan Pòtoprens ni nan vil pwovens yo, nan objektif pou garanti sekirite popilasyon an epi fasilite yo retounen lakay yo. Li pwofite pou di ke enstalasyon Pelig la, se pou tout peyi a, e li te pran leta anpil resous pou mete l kanpe. Menm lè genyen fristasyon fok nou pwoteje l. An menm tan leta dwe sitwayen yo pwoteksyon, sèvis ak jistis.

Comments