
Infos Partage
June 13, 2025 at 11:27 AM
Nan yon peyi kote ensekirite ak blokaj wout fè tout moun pran lari ak kè sote, retou vòl lokal yo se pa yon liks, se yon nesesite. Sunrise Airways, sèl konpayi ki te gen kouraj rete epi envesti malgre tout danje yo, merite yon kout chapo. Men lè ou resevwa jiska 11 milyon dola lajan leta, ou pa ka vin toupizi popilasyon an ak pri depase 200 dola sou ti trajè 30 a 50 minit. Wi, se pa menm avyon ak JetBlue, men sa pa dwe sèvi kòm leson pou jistifye inegalite. Envestisman fèt sou etid mache, pa sou detrès pèp. Se pa ni bay blag, ni fè silans ki ap mennen nou lwen, men ouvri yon mache lib, jis e klè kote leta jwe wòl li epi chak konpayi pran responsabilite sosyal yo. #tektek

👍
❤️
😢
😂
😮
👏
🖕
😭
❤
🍆
92