
DGM Migración Info Kreyòl
May 19, 2025 at 11:21 PM
Minis Enteryè Dominiken an Kondane Zak Majistra Dajabón nan sou Ti Ayisyen yo
Minis Afè Entèn ak Polis la, Faride Raful, deklare jodi a ke se Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) ki sèl otorite ki gen dwa entèvni kont moun ki san papye, li pa dakò ak aksyon resan majistra Dajabón lan, Santiago Riverón.
Riverón te parèt nan yon videyo kote li te arete kèk ti ayisyen k ap dòmi sou plas la, li t ap rale yo nan mayo ak entansyon pou depòte yo. Anplis de sa, li te mete yon dat limit pou imigran kite kay yo lwe nan zòn nan.
“Se Direksyon Jeneral Migrasyon ki gen misyon ak kapasite pou fè entèvansyon sou imigran sou tout tèritwa nasyonal la,” se sa Raful deklare. “Li enpòtan pou mete sa klè: se sèlman Direksyon Jeneral Migrasyon ki gen dwa fè entèvansyon sa yo,” li ajoute.
Li fè konnen ke enstitisyon an, ki se yon depandans Ministè Afè Entèn, ap kominike ak majistra vil fwontyè a, pandan li souliyen ke yo kontinye fè travay kontwòl migrasyon ak efikasite.
Daprè sa Raful di, gen total 18,034 ayisyen san papye yo te

👍
4