
La Présidence Haiti
June 15, 2025 at 02:13 AM
Konseye-Prezidan Louis Gérald Gilles, Leslie Voltaire, Edgard Leblanc Fils ak Smith Augustin te rankontre, jounen vandredi 13 jen 2025 lan, nan Viladakèy, ak responsab kan moun deplase entèn yo ki twouve yo nan zòn metwopolitèn lan. Rankont sa a te dewoule nan prezans Premye minis Alix Dider Fils-Aimé, minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm lan, Pedrica Saint-Jean, Direktè FAES la, Serge Gabriel Colin, Direktris jeneral FNE a, Sterline Civil, ak yon reprezantant ministè Afè sosyal ak Travay.
Pandan rankont lan, Konseye-Prezidan yo te koute ak anpil atansyon doleyans responsab kan yo ki te eksplike jan moun deplase yo ap viv nan kondisyon difisil. Nan sans sa a, yo te pran angajman, ansanm ak lòt otorite yo, pou travay prese prese pou:
-bay moun deplase yo abri ki pi apwopriye pandan peryòd siklonik lan,
-kontinye distribisyon kit alimantè ak sanitè,
-mete plis restoran kominotè
-mete an plas pwogram eskolarizasyon pou timoun ak jèn ki nan sant yo.
Mezi sa yo ap rete pwovizwa, paske Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an angaje l pou mete fen nan ensekirite a nan yon tan ki kout, pou chak sitwayen ka retounen lakay yo epi viv san kè sote.
Direktè FAES la, bò kote pa li, fè konnen enstitisyon li ap dirije a ap kontinye mete restoran kominotè ak kit alimantè pou moun deplase yo.
Apre rankont lan, Responsab yo te patisipe nan yon pwen de près kote yo te bay plis detay sou desizyon ki pran pou soulaje sitiyasyon moun deplase yo pandan peryòd sa a.
Genyen yon komisyon ki pral kreye byen vit pou asire suivi ak reyalizasyon tout desizyon yo.