
Radio Télévision Éducative (RTE_MENFP)
May 22, 2025 at 10:29 PM
@MENFP_Education : "Yon sèl drapo, yon sèl pèp, yon sèl nasyon" pou selebre 222yèm anivèsè bikolò ayisyen an
Sou wo patwonaj Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (#menfp), Direksyon Depatmantal Edikasyon Lwès (#ddeo) òganize jedi 15 Me 2025 lan, yon seri konferans-deba sou orijin drapo nasyonal la anba tèm: « Yon sèl drapo, yon sèl pèp, yon sèl nasyon ». Seri konferans sa yo fèt nan plizyè lekòl tankou : Oditoryòm "Collège Saint Louis de Bourdon", lekòl "Saint-Louis de Gonzague", "Lycée National de Pétion-Ville" ak "Lycée Anténor Firmin".
#saint_louis_de_bourdon
Nan "Saint-Louis de Bourdon", yon gwo kantite elèv, 3yèm sik fondamantal ak nouvo segondè 4 (NS4) te reyini pou swiv entèvansyon Doktè Jean Reynold Jean Pierre, ki t ap pale sou kèk dezakò ki genyen sou istwa nasyonal la, nan sa ki gen pou wè ak koulè drapo a. Yon lòt bò, Pwofesè Patrick Estinvil te entèvni sou reprezantasyon drapo a kòm senbòl byennèt, volonte ak detèminasyon yon pèp ki te vle viv lib.
#saint_louis_de_gonzague
Konferans sila te reyini plis pase yon santèn elèv ki te sòti nan "Lycée Anténor Firmin", "Saint-Louis de Gonzague", "Collège Vision Caribéenne", "Collège Théophile Pierre d'Haïti", "Lycée Danielle Fignolé" ak "Lycée national de la Saline".
Dr. Odonel PIERRE-LOUIS te entèveni sou valè senbolik ak sivik drapo a, li te abòde kesyon fondasyon drapo a, enpòtans senbolis drapo a, enplikasyon fanm yo nan dimansyon sivik peyi a. Panelis : Gumps GORGES ak Arold SAMSON moderatè, ak prezans Bien Aimé POINT DUJOUR ki se Kodonatè district eskolè Pòtoprens.
#lycée_nasyonal_de_pétion_ville
Se nan yon anbyans kè kontan konferans deba a te dewoule nan Lise Nasyonal Petyonvil avèk pwofesè Archin CHARLES ki te debat ak elèv yo sou enpòtans senbòl drapo a nan lavi yon pèp.
#lycée_anténor_firmin
Nan "Lycée Anténor Firmin" se te Pwofesè Ebens Cadet, yon kad nan Direksyon Ansèyman Segondè (#des_menfp), te pale ak jèn timoun lekòl yo sou "Quel sentiment pour le peuple haïtien d'aujourd'hui ?" Edikatè a montre enpòtans reyalite istorik ki make revolisyon ayisyèn nan. Pwofesè Cadet te tou pwofite sansibilize konsyans sivik elèv yo nan lide pou ankouraje yo patisipe nan konstriksyon yon Ayiti solid ak pwospè.
@RTE_Menfp ap envite reviv dewoulman seri konferans-deba ak elèv yo.
✍️ : @EvensSTLOUIS
@MarlyneJean #jacques_stevenson_saint_louis
@JeanFranoisCo20
@RTE_Menfp
https://x.com/RTE_Menfp/status/1925642686683316510?t=S7zRoWqj7tZ2KuUeqHJiTw&s=09
❤️
1