
Radio Télévision Éducative (RTE_MENFP)
May 28, 2025 at 12:38 AM
MENFP pwolonje pwosesis enskripsyon pou kandida 9yèm ane fondamantal yo
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pwolonje pou rive lendi 2 jen 2025, pwosesis pou enskripsyon kandida ki pral patisipe nan egzamen 9yèm ane fondamantal yo ane sa a.
Nan kad yon konferans pou laprès, maten madi 27 me 2025 lan, otorite yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal, mande tout direktè lekòl piblik tankou prive yo, fè dilijans pou avanse nan pwosesis la, pandan yo tou pwofite pale sou avansman pwosesis òganizasyon egzamen ofisyèl yo pou ane a.
Radio télévision Éducative (@RTE_Menfp) envite w swiv an imaj dewoulman konferans pou laprès sa a.
Yves Roblin : Direktè Jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl
Renan Michel : Direktè Biwo Nasyonal Egzamen Leta
(#bunexe)
Kendy Nicolas : Direktè Ansèyman Fondamantal (#def)
Miguel Fleurijean : Direktè Ansèyman Segondè (#des)
✍🏽 : Samuel Celiné
Anoël Mondestin
🎥 - 💻: Kely Deusmar
@RTE_MENFP
https://x.com/RTE_Menfp/status/1927505098814402620?t=1Q27rKh4ISJpkuyd4t-P_A&s=09