Radio Télévision Éducative (RTE_MENFP)
Radio Télévision Éducative (RTE_MENFP)
May 28, 2025 at 07:35 PM
Egzamen Leta 2025 MENFP bay bon jan asirans sou preparasyon egzamen ofisyèl yo 28 me 2025 Kalandriye eskolè pou 2024-2025 lan pa chanje. Seri egzamen Leta yo ap demare lendi k ap 30 jen 2025 lan avèk kandida 9èm ane fondamantal yo pou yo fini nan jou k ap vandredi 18 jiyè avèk kandida pou Fòmasyon Teknik ak Pwofesyonèl yo. Madi 27 me 2025 lan, nan kad yon konferans pou laprès, otorite yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal te pote anpil presizyon sou sa ki gen pou wè ak avansman pwosesis ki dwe debouche sou dewoulman egzamen ofisyèl yo. Daprè Direktè Jeneral Yves ROBLIN, Ministè a ap vanse a gran pa nan preparasyon ak òganizasyon egzamen sa yo. Pou nimewo 2 MENFP a, peryòd egzamen ofisyèl k ap evalye pwofil soti ak pwofil antre aprenan yo nan nivo siperyè, se yon gwo randevou Leta a genyen ak sosyete a nan kad evalyasyon ansèyman ak aprantisaj la. PWOLONGASYON PERYÒD ENSKRIPSYON 9èm ANE A Pou sa ki konsène egzamen 9èm ane fondamantal yo, Direktè ROBLIN raple Ministè a deside pwolonje peryòd enskripsyon kandida yo pou rive jou ki va 2 jen k ap vini la a. Depi delè sa a fin pase, p ap gen okenn konsiderasyon pou pèsonn. Se poutèt sa, pwofesè Yves ROBLIN mande tout direktè ak direktris lekòl ki poko boukle pwosesis sa, pou yo aktive dosye yo san pèdi tan nan lide pou enskri tout elèv ki dwe patisipe nan egzamen sa yo. Bò kote pa li, Direktè Biwo Nasyonal Egzamen Leta yo te bay kèk presizyon sou aspè ki gen pou wè ak òganizasyon egzamen yo pandan li mete aksan sou nesesite pou direktè lekòl nan tout 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo ki poko enskri elèv 9èm ane fondamantal pou yo fè sa prese prese anvan dat 2 jen an pase. Nan menm lide sa a, Renan MICHEL mande paran yo ak elèv yo pou yo rete veyatif nan gade kòman direktè lekòl yo ap vanse ak enskripsyon kandida yo. (Pou li rès tèks la) https://www.facebook.com/share/p/1BsYWjfAUK/

Comments