Infos Partage
Infos Partage
June 19, 2025 at 04:52 PM
Li tap rejwi pou Trump jodia li ak dlo nan je: Janet Correa, yon kibèn ki te viral sou rezo yo pou patisipasyon li nan konsè latino, danse, ponpe, fè kanpay pou mande moun pou vote Trump. Ebyen jodia ICE arete mari li pandan li te vini nan yon tribinal imigrasyon nan Miami, jij la anile ka li ya e ajan ICE te tou deyo court la ap tann li. Janet tonbe kriye rele fè konnen se enjistis sa ye, li di Mari'l se yon travayè di, depi lè mari li isi se travay tankou milèt, li pa merite sa. Janet ki legal fè konnen se yon bagay routin mari'l toujou al nan tribinal pou dosye li e li sou prosè poul vin gen rezidans. ICE fè konnen yo mete mari a sou lis depotasyon imedya yo, pou kounya Janet ap mande sipò popilasyon an.
😂 🖕 ❤️ 💩 👍 😢 😆 🙏 🍆 👏 177

Comments