
Lefou Motivation
May 23, 2025 at 05:43 AM
*Renmen se pa sèlman mo dous ki desann sou lèv😕, ni chalè yon akolad ki fonn ansyen tan. Se yon melodi ki jwe sou kè❤️🪗, ak nòt konfyans, respè, ak pasyans🥺❤️🫂. Li pa mande pèfeksyon, men li envite chak moun vin pi bon🫴💖❤️. Renmen, se pa mete lòt la nan kè w tankou yon chenn😒, men se kite l fleri bò kote w tankou yon jaden chak jou jwenn limyè solèy ou.❤️💞😊 Se konnen li ka gen tanpèt, men chwazi kenbe parapli ansanm.❤️💞😊 Se pa pèdi tèt ou nan yon lòt moun, men se kwaze de destin ki mete flanm nan menm lanp pou limen chemen lavi❤️🔥💖💞❤️*