
*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
June 17, 2025 at 03:08 AM
*Ego nou an bloke nou.* Pafwa nou te ka bon... Nou te ka kalme nou, reprann tèt nou, repare sa ki te kase, men non, nou chwazi silans, nou chwazi fyè de tèt nou plis pase renmen. Nou kenbe tèt nou frèt, nou pa vle parèt fèb, men se kè nou ki kraze, se nwit nou yo ki kriye an silans.
Pafwa yon *"eskize m"* te ka sove tout bagay, yon " *Mwen regrèt"* te ka fè lalin nan klere pi bèl nan mitan fènwa a. Men ego a di: *" Pa fè premye pa a .",* Epi li mete distans kote ki te gen chalè.
*Men, èske li vo lapenn?* Ou pa fatige transfòme wòch kè w la an yon espas frèt? Lavi a twò kout pou kite l pase san limyè nan je nou. Leve kè w, fè yon pa, pa pou pèdi diyite w, men pou jwenn lapè.
*Ou merite l. Nou merite l. Padon, reyalite, limyè ak lanmou.* Ann pa kite ego a mete baryè kote lavi ap tann nou grandi.
*𝕄𝕊_𝔹𝕖𝕟𝕤𝕝𝕖𝕪✍🏼*

🤦♂️
🫂
🫶
3