⏳💢Brase Lide 💢⏳
⏳💢Brase Lide 💢⏳
June 14, 2025 at 06:41 PM
Manifestasyon kont Trump yo, No Kings, kòmanse Ozetazini. Se estrikti Pati Demokrat la ki te òganize yo. Yo akize prezidan an de "otoritarism", "fachism" ak deportasyon imigran yo. Ann sonje jodi a Trump ap fè yon parad militè pou 250yèm anivèsè lame amerikèn nan. Se tou anivèsè nesans prezidan an jodi a. An menm tan, de politisyen lokal nan Pati Demokrat ameriken an te mouri pa bal nan youn nan evènman sa yo nan Minnesota. Trump te kondane asasina a.

Comments