7️⃣7️⃣INFOS⚠️🆘🚨 (46543650)
7️⃣7️⃣INFOS⚠️🆘🚨 (46543650)
June 18, 2025 at 03:54 PM
*📌Dosye CHNV : Mizajou sou desizyon tribinal lan te pran 16 Jen 2025 lan pou mande DHS rekòmanse trete dosye tout moun* Sonje tribinal federal nan Boston te bay yon òd kote li mande DHS poul esplike etap yo pran pou rekòmanse trete demann imigrasyon moun ke yo te mete sou pause yo epi ki anreta. USCIS te reponn pou di yo mete ajou sistèm yo depi 9 Jen 2025 pou pèmèt ajan imigrasyon yo rekòmanse trete dosye yo. Ke yo mete ajou sistèm sou sit entènèt USCIS, tankou ajan vityèl yo Emma, epi yo mete tout enfòmasyon ajou pou ajan sèvis kliyantèl yo ka reponn kesyon moun ki rele oswa voye mesaj. Devlopè yo kote pa yo dapre DHS ap travay pou retire etikèt “hold” (blokaj) sou tout dosye ki te afekte epi mete yo disponib ankò nan sistèm nan pou yo ka trete. Tribinal la di enfòmasyon DHS bay yo pa sifizan epi li vle DHS konfime anvan 19 Jen 2025 ke: •Tout blokaj sou dosye yo ofisyelman retire. •Tout sistèm ak zouti ajou pou asire moun resevwa bonjan enfòmasyon sou dosye yo. •Yo dwe konfime tout aplikan yo byen enfòme sou chanjman sa yo. En rezime jij lan vle asirel chak aplikan resevwa enfòmasyon klè sou sa kap pase ak dosye yo, epi li vle DHS konfime ke tout blokaj yo leve nèt jan yo te di yo tap fè sa. Kidonk, en pratik li vle konnen èske blokaj lan leve vre.

Comments