
A.M.D FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸
June 8, 2025 at 09:49 PM
⚽👉🏆 Pòtigal bat Espay sou penalite epi vin chanpyon Nations League 2025.
Nan yon final ki chaje ak tansyon, Pòtigal ak Espay fè 2-2 pandan 120 minit jwèt. Cristiano Ronaldo make yon gòl espektakilè pou egalize, e match la ale nan penalite. Se Pòtigal ki te pi frèt devan gòl, epi yo ranpòte viktwa a sou penalite. Se dezyèm fwa Pòtigal ranpòte Nations League la apre siksè yo nan 2019. Espay, malgre gwo efò, pa t ka kenbe tit la.
