
A.M.D FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸
June 9, 2025 at 01:26 PM
👉 Lapolis Mete Lòd: Klèb Atè Plat Fèmen nan Dèlma.
Lapolis, ansanm ak Komisè Gouvènman, Jij De Pè ak responsab Meri Dèlma, debake sou teren pou mete lòd. Yo fèmen plizyè klèb ki te sou trotwa ak andedan lari, kote mizik t ap jwe fò chak swa. Plizyè spikè mizik yo sezi pandan operasyon an.
Daprè otorite Meri Dèlma, mezi sa yo pran akoz kantite fiziyad ki fèt nan zòn sa yo, sitou pandan lannuit. Yo fè konnen klèb sa yo atè plat tounen sous vyolans, dezòd ak ensekirite pou abitan yo.
Reyaksyon yo divize: Gen sitwayen ki apwouve mezi a pou plis sekirite, pandan lòt santi se koupe ti plezi pèp la yo koupe.
📌 Nou kontinye swiv dosye a pou plis detay sou sa k ap fèt nan komin nan.
#delma #sekirite #klèbfèmen #lapolis #meridelma #tansyonlari

❤️
1