A.M.D FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸
A.M.D FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸
June 14, 2025 at 06:19 PM
📌Daprè 3 ofisyèl ameriken ki okouran de dosye a, epi yon imèl entèn @nytimes rive konsilte, Prezidan Donald Trump voye mesaj sa a, jedi 12 jen pase a, bay plizyè responsab ICE kap mennen operasyon yo. Mesaj la di : « apati jodi a, ann kenbe tout anketè ak ajan kap opere nan zòn agrikòl tankou, kote ki gen izin ki nan sektè pwason🐟 ak anbalaj vyann🥩, restoran ak otèl ». Jounal la di nan desizyon sa a, li mansyone klèman, kanpay depòtasyon an mas Prezidan Trump lan deranje endistri yo, epi sikonskripsyon li pa vle pèdi yo. Jedi ki sot pase a, Donald Trump rekonèt operasyon ICE yo kapab gen enpak negatif sou fonksyonman endistri yo, e fè konnen gen gwo responsab fèm agrikòl ak mèt otèl kap di politik agresiv li a nan domèn imigrasyon, fè yon pakèt bon travayè ki nan sektè sa yo lontan, rete lwen chantye yo | LSV
Image from A.M.D FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸: 📌Daprè 3 ofisyèl ameriken ki okouran de dosye a, epi yon imèl entèn @...

Comments