
A.M.D FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸
June 18, 2025 at 01:17 AM
🎤👉Plato Santral: Popilasyon an resabote Santral Pelig pou fòse Leta aji!
⚠️ *Blakawout la tounen ankò!* Jodi *madi 17 jen 2025*, moun nan *Plato Santral* mete men sou *Santral Idwoelektrik Pelig* ankò, kòm yon jès dezespwa pou fòse Leta aji kont gang *400 Mawozo* ak *Taliban* ki pran kontwòl *Mibalè* depi prèske *3 mwa*.
Aksyon sa a fèt kèk semèn apre *@fritzalphonsej*, Kòdonatè Konsèy Prezidansyèl la, te pwomèt aksyon kont malfra yo — yon pwomès popilasyon an jije kòm *manti vid*.
*#blakawout #pelig #platosantral #400mawozo #taliban #mibalè #krizsekirite*