
la noticia🤙🏼🤞🏾 💯
June 18, 2025 at 12:17 AM
Blakawout la tounen ankò. Jodi madi 17 Jen an, popilasyon Platosantral la deside sabote yon lòt fwa ankò santral idwoelektrik Pelig. Yon fason, daprè sa yo di, pou fòse Leta ayisyen aji kont gwoup gang « 400 Mawozo » ak « Taliban » ki anvayi vil Mibalè depi anviwon 3 mwa, kote yo kontinye ap touye, kraze, boule. Re-sabotaj santral Pelig la rive kelke semèn aprè Kòwòdonatè konsèy prezidansyèl la @Fritzalphonsej te pwomèt sitwayen yo Leta pral kontrekare malfra yo. Yon pwomès, popilasyon an jije, ki pa respekte. #pip