la noticia🤙🏼🤞🏾 💯
la noticia🤙🏼🤞🏾 💯
June 18, 2025 at 03:47 PM
📌Mario Guevara ki soti Salvador🇸🇻 e ki espesyalize nan travay sou koze imigrasyon nan Atlanta,🇺🇸jwenn arestasyon li pandan lap fè yon videyo nan yon manifestasyon anti-Trump, samdi 14 jen 2025 lan, nan DeKalb, yon rejyon nan Georgia. Otorite yo di yo arete jounalis la paske, selon sa yo di, li tap anpeche yo fè travay yo, men tou, yo akize li pou rasanbleman ilegal epi yo fè konnen li te monte sou yon twotwa yon fason ki pa apwopriye. Ajan ICE mete li an detansyon, e yo kapab menm rive depòte l, daprè sa divès medya rapòte. Guevara kite peyi li pou l rantre Etazini, sa gen 20 lane. Jounalis endepandan sa a ke anpil moun konnen pou repòtaj li souvan fè sou kesyon operasyon ICE yo, gen yon estati ki pèmèt li rete travay sou teritwa ameriken an, se sa avoka li, Giovanni Diaz presize. Guevara ki gen 782,000 moun kap swiv li sou Facebook, gen yon pwosesis rezidans ki annatant Ozetazini | WPLG Local 10, CNN, ABC News

Comments