la noticia🤙🏼🤞🏾 💯
la noticia🤙🏼🤞🏾 💯
June 19, 2025 at 12:35 AM
*UPDATE Dosye TPS Ayiti: Nan ka Haitian Evangelical Clergy Association v. Trump, DHS reponn ofisyèlman demann jij lan.* Nan yon lèt yo bay tribinal la jodia kote yo te gen dat limit 18 juin pou yo bay yon mizajou, yo fè jij la konnen en rezime yo pa gen yon update pou plaintif yo. Yo raple plaintif yo ak tribinal lan ke TPS pou Ayiti ap eksire 3 out 2025 epi sa pa chanje nan moman an. Yo di tou dapre lalwa, se vre ke DHS dwe pran yon desizyon sou avni TPS lan avan 4 jen 2025, swa pou pwolonje li oswa mete fen ladanl men lwa sa pa fòse yo anonse desizyon sa nan yon peryòd tan byen detèmine. Yo raple ke yon avi ka pibliye mwens pase 60 jou anvan dat TPS lan ekspire nan deaziyasyon an. Men, si desizyon an se mete fen nan TPS lan, aplikasyon desizyon sa a ‘pa ka antre an efè anvan 60 jou apre dat li pibliye. Kidonk si yo deside retire TPS lan, yo dwe bay omwen 60 jou apre piblikasyon an pou desizyon an antre an aplikasyon. DHS fè konnen yo respekte règleman yo , yo respekte tout pwosesis yo. Men nan lèt lan, yo pa di klèman si yo pran yon desizyon. Yo jis di yap fè konnen a tan desizyon an. Rete pou nou wè èske jij lan oubyen plaintif yo ap mande yo reponn fòmèlman si yo pran on desizyon ou pa. Paske mwen panse se sa ke yo te vle DHS admèt . Ke yo pako pran yon desizyon pou extension otomatik lan aplike. Sa ke DHS pa fè. Ann rete swiv toujou! *@Laurie*
👍 1

Comments