
la noticia🤙🏼🤞🏾 💯
June 19, 2025 at 11:03 AM
🛑Ou konn istwa machin sa ki kanpe devan simetyè gonayiv la, sa gen pliske 25 lane? Machin sa te gen yon chofè ki tap travay souli pou mèt machin, men misye te avèk madanm mèt machin tou an menm tan, dam nan fè konplo avèk chofè a yo touye mèt machin nan ki mari menm dam nan, selon sa yon moun gonayiv di nou yo fè sa yon fason pou yo ka jwi de machin nan paske yo wè machin nan bay anpil kòb se yo ki ta dwe ap jwi oubyen fè tout kòb sa yo. San yo pat konnen kijan mesye a te fè gen Machin nan, ki kondisyon li te pran pousa
Lè yo fin touye nèg yo panse yo ta peal jwi Machin nan vre ebyen se pat janm vre, 3 jou aprè yo fin antere mesye a ki se mèt machin lan ebyen machin tonbe anpa'n yo panse se pwoblèm teknik poutan se mistik yo pa janm ka fè anyen avèk li, chak bòs ki vini sou machin nan se kalòt lap pran san yo pa wè moun, se gwo bri bèf yo tande, yo oblije kouri kite machin nan
Gen yon kouzen mèt machin nan ki dòmi ki wè mò a ki vin dil nan dòmi: Tanpri ale pran machin nan metel devan simetyè a pou mw kotem ye a, sa vle di kotel antere a, machin nan pat janm anpa'n vre vrèman vre nan demen kouzen an estat machin nan avèk yon sèl kout kle, li kondi machin nan li metel devan simetyè a kote mò a te vin dil poul metel la
Depi jou, depi mwa sa, ane sa machin sa kanpe kotew wèl la devan simetyè gonayiv la pyès moun paka deplase machin sa, ni manyen, chak moun ki vini pou ta retirel se kalòt lap pran epi yo toujou tande bri bèf anndan machin sila
Pa touye moun pousa moun genyen ou pa konnen kisal fè poul genyen Saw wè li genyen ou rayil pouli a, travay pouw gen paw pito sanw pa touyel pousal genyen, yo fin touye moun nan men yo paka jwi byen an, pito yo te kite mesye a, chofè a tap kontinye travay, dam nan tap toujou gen kòb maril nan menl
Se yon istwa ki la lontan, e se yon Istwa vrè, jiskounyeya machin nan devan simetyè a, tout moun gonayiv konnen Istwa sila e yo ka temwanye de sa tou
Kisaw panse de istwa sa? Se pa konsaw konnen li tou? Premye fwaw tande Istwa sa?
Jeff Petit Info-divers