VWA ZILE NEWS
VWA ZILE NEWS
June 18, 2025 at 02:07 AM
🎙️ VWA-ZILE // FLASH ALÈT // 18 JEN 2025 — 10:00 AM 🔥 ATAK TÈRIB GANG SOU SATÈL PNH NOUVO NAN MIBALÈ! PÈP ANBA LAPÈRÈZ, REPONS LETA LENTAN! KOZE DIRÈK: "ALÈT ENFÒMASYON! Gang tèroris Mibalè yo, ansanm ak gwoup Viv Ansanm, lanse yon atak masak sou nouvo satèl PNH fenk ouvri nan zòn nan. Evènman frape Madi 17 Jen 2025 nan avan. Gang yo brile materyèl la nèt, selon temwen nou yo. PNH poko bay detay ofisyèl sou viktim oswa materyèl ki pedi. Kòmandan PNH la te pwomèt repons, men pèp la ap tann aksyon konkret. Sa se twazyèm atak gang kont enstalasyon leta nan Mibalè an 3 mwa. Operasyon PNH kont gang yo ("Nouvo Satan") parèt frajil—gwoup ame kontinye montre fòs. ENPAK SOU POPILASYON: Lari Mibalè bloke, lavi nan kanpe lwen zò'n sa. Ti rès Moun ki rete yo pa soti nan kay yo ak laperèz. Sèvis divè tankou (dlo ak lopital) koupe byen montant nan zòn atak yo. KÈK SOUR: Temwen nan plas evènman an. PNH an silans depi ye swa. AVÈTISMAN PNH: ♨️ "Evite zòn Mibalè-Cité Soleil. Si w wè sispèk, rele 114 oswa 122 imedya." VWA-ZILE AP SIVÈ... N ap rapòte tout nouvo enfò ofisyèl ak siy sitiyasyon an direk. Kenbe branche sou Vwa-Zile https://www.facebook.com/61568742867047/videos/1674651476562069/

Comments