RE-VISION 🇭🇹
RE-VISION 🇭🇹
June 20, 2025 at 07:10 PM
*✅Nan yon lèt yo voye bay jij Brian Cogan kap trete dosye TPS la, 18 jen 2025 lan, yo fè l konnen daprè lalwa, se vre ke DHS dwe pran yon desizyon sou avni TPS lan avan 4 jen 2025, swa pou pwolonje li oswa mete fen ladann, men lwa sa pa fòse yo anonse desizyon sa nan yon peryòd tan byen detèmine. Yo raple ke yon avi ka pibliye mwens pase 60 jou anvan dat TPS lan ekspire nan deaziyasyon an. Men, si desizyon an se mete fen ak TPS la, aplikasyon desizyon sa a pa ka antre an aplikasyon anvan 60 jou aprè dat li pibliye. Kidonk si yo deside retire TPS lan, yo dwe bay omwen 60 jou aprè piblikasyon an pou desizyon an kòmanse aplike. DHS fè konnen yo respekte règleman yo , yo respekte tout pwosesis yo. Men nan lèt sa a, yo pa di klèman si yo pran yon desizyon. Yo jis di yap fè konnen desizyon an, a tan | @iamlaurie_ Frandley Denis Julien*
Image from RE-VISION 🇭🇹: *✅Nan yon lèt yo voye bay jij Brian Cogan kap trete dosye TPS la, 18 j...

Comments