Imamu Spiritualité
Imamu Spiritualité
June 11, 2025 at 02:56 PM
Awoooooo Bitasyon an se pa sèlman yon espas jewografik kote zansèt ou te viv. Li pa sèlman jaden, lakou, pyebwa, ni tè kote istwa yo antere. Bitasyon an, se ou menm tou. Sou plan imen, ou se vwayaj tout fanmi w — nan kò w, nan lespri w, chak selil ou pote memwa jenerasyon ki pase. Lè ou antre anndan ou, ou dekouvri lineyaj ou. Ou konekte ak zansèt ou. Ou tande vwa yo pale, epi ou vin konprann: Ou se kontinyasyon yo. Ou se bitasyon vivan fanmi w.
❤️ 6

Comments