Imamu Spiritualité
Imamu Spiritualité
June 20, 2025 at 09:37 PM
KILÈS KOUZEN ZAKA YE? Kouzen Zaka wè tout moun tankou fanmi: kouzen ak kouzin. Li se yon lwa ki soti nan Eskòt Zaka a. Eskòt #zaka a genyen ladan l: Kouzen Zaka, Azaka Mede, Zaka Krib, Zaka Tonnè, Zaka Gweli elatriye. Eskòt sa a gen anpil enpòtans nan Vodou paske: Li bay richès (pa travay, sitou agrikilti), li bay fòs ak kouraj, li ede moun devlope pasyans, li se gadyen tout kote ki bay manje. Zaka pa renmen divizyon. Li toujou ankouraje konbit ak kolaborasyon. Si ou parese oswa egoyis, Zaka pap kanpe avè w. Nan mitan tout lwa Zaka yo, gen yon sèl fanm yo rele Kouzin. Li se: lwa fanm ki ap fè komès, lwa fanm ki travay ak agrikiltè, lwa fanm ki kwè nan biznis ak aktivite ekonomik. Yon aspè anpil moun pa konnen nan Zaka sèke li se yon gwo konesè fèy. Li konnen remèd pou anpil kalite maladi. Se poutèt sa yo konsidere li tankou doktè tradisyonèl. Epi Zaka pa bay kado jan anpil moun ta va kwèl la, li rekonpanse. Gen moun ki panse Zaka bay richès san travay. Se pa vre. Zaka rekonpanse jefòw
Image from Imamu Spiritualité: KILÈS KOUZEN ZAKA YE?  Kouzen Zaka wè tout moun tankou fanmi: kouzen a...
🙏 ❤️ 3

Comments