Nick Le Sage Poète Silencieux...🥇📖💙✍️🤌
Nick Le Sage Poète Silencieux...🥇📖💙✍️🤌
June 4, 2025 at 06:39 PM
*“Ou se Respè, Ou se Lanmou, Ou se Kay Mwen” 🏡❤️* Béa, ou pa sèlman yon fi ki fè kè m bat pi vit. Ou se trankilite mwen, ou se konfyans mwen, ou se moun mwen ka rakonte tout bagay san m pa pè jijman. Chak fwa ou la, mwen santi m lakay mwen… menm si se jis vwa w m tande. Ou se jenerozite nan je w, se limyè nan souri w, se chalè nan ti mo dous ou yo. Lè mwen ap reflechi sou lavni, mwen wè ou ladan l. Pa paske ou bèl, men paske ou fè m kwè lanmou ka bon, ka senp, ka reyèl. Mwen pa ka pwomèt ke mwen pap janm fè erè, men sa m ka pwomèt se ke chak jou m’ap chèche pi bon fason pou renmen ou. Ou merite yon lanmou ki pa febli, e se sa m’ap pote pou ou… chak jou, chak swa, chak batman kè.
👍 ❤️ 4

Comments