
Infos Partage
June 21, 2025 at 01:49 PM
Tirivyè Latibonit: Plizyè Ti Machann kidnape ak Blese pa Bal sou Wout Dofouno 2èm seksyon Tirivyè latibonit.
Samdi maten 21 jen 2025, plizyè ti machann ki t ap sòt kawo ak chabon ak lòt pwodwi lokal pou al vann nan bouk Tirivyè , blese ak bal nan zòn Dofouno, 2èm seksyon kominal Tirivyè Latibonit. Daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon VP FLASH INFO, se teworis ki fè pati gang Gran Grif Savyen ki poze aksyon kriminèl saa.
Zak vyolans yo ap kontinye kont popilasyon sivil la anba je lapolis ki baze nan komisarya Tirivyè Latibonit, san okenn repons klè. Daprè sous nou, gang nan ap fè fas ak gwo mank manje, sa ki ta ka lakòz yo vin pi vyolan e pa epaye okenn sitwayen k ap travèse nan zòn yo.
Yon sitiyasyon kap devlope, VP FLASH INFO ap kontinye swiv dosye ensekirite a pou pote plis detay pou nou.
VP FLASH INFO✍🏻
😢
😭
👍
💔
👏
😮
💋
😂
😨
😿
38