AlterPresse/AlterRadio
AlterPresse/AlterRadio
June 22, 2025 at 12:05 AM
🎙️ « Anvan n pale sou dyalòg ak gang, al mande viktim yo » Nan yon entèvyou ak yon panèl jounalis, Fritz Alphonse Jean, prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT), pran pozisyon kont lide fè dyalòg ak gang san verite, san jistis. Li raple gravite krim gang yo komèt sou popilasyon an : vyòl, masak, kraze biznis, boule kay. Li di, tout moun k ap pale sou dyalòg sa a ta dwe al mande viktim yo sa yo panse. 📍Yon pawòl ki soulve gwo kesyon sou jan sosyete a ap chèche sòti nan kriz. 👉 https://youtu.be/pwu3JUBXtds?si=sVa7xa_rHSaqNQaF 🎧 Gade oswa koute entèvyou a sou AlterRadio/AlterPresse 👉 https://youtu.be/uSC-F2kcQU4?si=o_k9P871bfdjcpcI #haiti #kpt #fritzjean #dyalògakgang #verite #jistis #alterradio #alterpresse

Comments