𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
June 16, 2025 at 07:28 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie* Merline te nan douch li fè yon photo ,,bel photo attirante li voye bay yon moun,,anba photo a make mwen anvi diskite avèw rejwenn mwen menm kote an. Merline ap sourire. Sonia te soti al deyè medikaman bay Michael pou'l bwè ,,li ret chita bo tèt li la paske Michael ap tranble. Alexandra ta pwal remet Dany telephone lan lèl tande yon mesaj monte,,li ouvril pul gade kisa,,se gwo sezisman : ki tenten sa??? nan ki bagay Dany ye ak fi sa toujou. Alexandra: Dany , Dany , Dany an wi mwen konnen w pap reponn. Dany te nan laptop li tap jere yon bagay pou antrepriz lan : Wi chérie , kisam fè ankò la depiw tande Dany konnen genyon pwoblèm. Alexandra voye telephone Nan sou Dany : Fanm ou an ki voye foto sexy bow mwen menm etanke egare mwen few konfyans pase tet mwen. Dany paka konprann paskel konnen li pa gen fanm deyò podjab: Alexandra ou serye avek bagay maledve sa wap fè a epi pale piti paske Daniella nan chanm li mwen pata renmenl tande exemple li yo kap fè diskisyon ok. Alexandra chita : kounya mwen maledve Dany dim byen poum konprann kounya mwen pa bon ou gentan pa pran feeling nan mwen ankò , ou gentan rebitem se bon pou mwen,, eske mwen pa satisfèw kisa Merline bow mwen pa bow li ? Eske mwen konn refizew bòbòt menm Sim fatige mwen griyenl bow epi saw bezwen nan Merline,, depi lèw te dim ou paka pale avèl lan fok mwen chèche chimen mwen. Dany oblije ri paskel wè Alexandra folle : chérie kalme w tande paske mwen pa nan anyen avek Merline wap pale a,, se fwaye nou li bezwen kraze epitou mpa gentan pou bagay sa yo mwen genyon madanm yon princess ak yon prince poum jere ok,, sispann diskisyon initil sa Alexandra telephone mwen nan menw chak jou Sim tap kache yon bagay ou pansem tap lagel nan menw dim non lèm gen yon ti tan lib se pa avek ou mwen pasel Alexandra? lavi banm tout sam te bezwen pagen tan pou jenjan ni bagay san sans. Alexandra: Kounya wap blamem se mwen ki pa gen rezon Dany epil di lap Tann ou kote abityèl lan ok mwen konn sam pral fè. Valentina apènn rive lakay tout moun gentan domi chans pou li , li gen double clé si non se deyò li tap domi. Valentina: mwen telman chanceuse jodia tout granmoun yo domi sinon yo ta pral pale anpil nan tèt mwen la wi fok mwen panse a kite Kay sa wi paske m bezwen lib poum ka regle afèm pi byen. Valencia te reveye poul ka pipi li wè Valentina kap dezabiye l li ta pral Mandel eske se kounya li antre e komanl fè antre ? paske baryè a te femen li oblije pa Mandel ankò paske papal avek Bruno di poul evite pale avel . Sonia te retounen al gade koman Michael ye lèl rive li jwenn fyèv lan toujou sou li e lap depale komsi se moun ki pral pran kriz. Sonia enkyè : mesye ou vlem rele papaw. Michael souke tet li pou yon non. Sonia : e kisaw vle fèm nan cas sa malgre mwen few benyen , ou pran konprime , ou bwe thé anyen pa mache banm al rele papaw poul mennen w lopital. Sonia vire poul ale Michael kenbe menl. Michael: mwen vlew pwomet mwen ou pap kite Kay la Sonia konsyans mwen ap reprochem ,, se frekansite mwen yo map peye tanpri pa rele papam kitem peyel poukont mwen. Sonia rale menl : wap soufri epiw di poum pa rele papaw e anplis ou vlem pwomet ou poum pa kite Kay lan Kom ou malad esak fè wap depale a sinon ou patap janm mandem yon bagay konsa paske mwen pa zanmiw sak fè mwen pran swen w se paske m gen bon kè sinon menm siw tap trepase m patap okipew isit lan (li soti ). Leo avek Violanda pa sispann fè lanmou yo Viv jodia tankou se denye jou yo pwofite chak segond ki gen nan sware a se premye fwa tou Violanda fè experience domi avek gason li kontan anpil. Leo : fok nou domi chérie sinon wap fem paka leve demen maten telman map fèb ou fini avèm tifi lèd. Violanda souri : ou banm anvi manjew tou papi telmanw gou. Leo ralel antre anba vant li : wa fin manjem nan 4h am mom Bonne nuit ma douce femme. Violanda bol: Bonne nuit mon doux trésor. Sonia pral rele Bildade pou Michael li wèl kouche nan salon an. Sonia reveyel : mesye men Pitit ou an ap boukannen avek yon fyèv wi. Bildade pase men nan jel : sa Jayson genyen menm Sonia. Sonia : non sepa Jayson se Michael. Merline nan chanm lan poukont li lap veye mesaj Dany. Merline: mesye a lire mesaj lan li pa reponn lap fè kapris jan kòm bel sa koman lap fè reziste m telman anvi la banm al pran ti flè a poum satisfè tet mwen paske Bildade ap fè makak si se pou mwen li pa bezwen janm vin domi Nan chanm lan ankò paske mwen alez san li. Bildade: komanw fè konnen l malad ? Banm al di manmanl sa mèsi pou nouvel lan Sonia : Mwen te bouyi yon thé pot pou li e sak fè m konnen l malad mesye. Bildade dil ok li leve direksyon chanm lan poul al di Merline sa. Lèl rive li jwenn merline kap satisfè tèt li epi lap site non Dany ,,yon bagay ki deranje Bildade et kitap deranje nenpot lot gason ki vin jwenn madanm li nan posisyon sa. Bildade telman sezi kotel kanpe a li friz : Merline ki tout moun sa mpa gen pwoblèm poul satisfè tet li non e koman se non Dany lap site a. Bildade paka kenbe ankò Non Dany bal pwoblèm , bagay la dominel madanm li ap site non lot moun poul ka voye Humm. Bildade: Merline assez ou fè twop. Merline sote li pat panse si Bildade te la : E e e e paw te la chéri. Bildade: pa fout relem chéri move moun , gate ras , kounya mwen konprann pwoveb chen bwè ze li pap janm kite a. Merline: chen bwè ze li pa janm kite sa se nan bouda w Bildade se pa nan salon an ou tal kouche Dieu merci mwen te gen ti flèm. Bildade: franchman ou banm kè plen , Dieu merci Micka pa pwan kotew,,,men pitit ou ap brile anba yon la fyèv siw vle Wal kotel . Bildade soti li femen pot lan : Kounya mwen konprann se Merline ki te konn Anmègde Dany a la femme hummm. Bildade al nan chanm Michael lan lel rive li jwenn li nan eta kritik li oblije al lopital avèl san Merline pa konnen paskel pat janm soti. Michael gentan nan men Docteur ap pran swen yo metel Nan serum moun yo Chita deyò a. Bildade: Sonia ou te gen douleur vant fè mal li pase kounya ? Sonia : wi mesye li Lachem wi ,, euh mesye mwen vle mandew padon paske si pitit ou nan eta sa se fòt mwen Sim pat bat li ,, li patap janm Nan eta sa padonem svp. Bildade pranl nan bwal : mwen konsiderew tankou pitit mwen Sonia se normal si vagabond ap Anmègde w pou korijel ban mwen pa enkyetew Tout bagay prale byen. Jayson : apre baton sa siw wè Michael pa chanje konnenl pap janm chanje ankò. Moun yo ri. Kounya Merline resi leve al nan chanm Michael lan lel rive li pa wèl , li rele Jayson, Bildade, Sonia li pa jwennn pyès Kay lan vid. Merline: kote yo fèla Mezanmi, Pinga Michael vin rayim la non. Nwit lan pase bay nesans ak yon nouvo jou kise dimanche li gentan 6h. Violanda leve bonè prepare Petit déjeuner pou maril. Valencia ap prepare l pou legliz paske Bruno ap pase chachel nan 7h. Michael pa menm Jan ankò , Docteur di yo ka antre avèl . Leo reveye li pa wè Violanda sou kabann nan li wè yon ti carte ki make . " Bonjour à l'homme qui occupe mes pensées jour et nuit , que cette journée t'apporte autant de joie que tu m'en apportes chaque jour. Ce matin, j'étais si heureuse de me réveiller à tes côtés papi gros bisous Leo" Leo pa sispann souri : Violanda ap epatem pi plus chak jou ,elle me rend foux . Li leve al gad kotel wè Violanda . Leo : manmie. Violanda: papi mwen nan cuisine nan. Leo al jwenn li : Bonjour mon amour ( li bol ) granm maten sa mom olyew chofe mariw ou oblije leve nan fè manje. Violanda reponn ak bo a : Bonjour papi ! Se normal poum fè manje pou marim. Leo : banm edew chr poun ka fin rapid. Alexandra pat domi menm kote ak maril yon bagay ki pa fè Dany byen menl pa vle pale pou Daniella pa konnen nan diskisyon avel. Alexandra nan cuisine nan ap prepare petit déjeuner pou fanmil Dany paret nan dol lan. Dany: Bonjour manmie. Alexandra pa reponn li kontinye ap fè afèl. Dany: chéri ou paka ap meprizem konsa pou yon bagay mwen pa konnen lèw fache avem nan kotew lagem yèswa ou pa domi menm kote avèm ou serye. Alexandra: kite diskisyon sa yo pou chanm mesye ou met al chita map pot manje a pou ou. Dany: nou ka pale chérie paske Daniella jis nan lakou li pap tande anyen kisaw vlem fè menm manmie. Alexandra: ekri merline bal randevou pou pita mwen pral avèw Dany epim fin pale. Dany : mwen renmenw Alexandra mwen pap aksepte pèdiw pou Merline tout saw vle mwen vlel tou : pa gen pwoblèm chérie kounya vim bo mariw paske depi hier soir ou pa bom. Alexandra :ou wèm okipe wi. Dany rale'l li tou bo'l. Men Daniella kap parèt ki wè aksyon an li grate gorge li Daniella: nou bliyem Sim la. Alexandra gad Dany : li menm kap fòsem bol mwen dil non. Dany ri : koken manmie Danie ou pa wè se li menm ki kenbem. Daniella ri : nou pa bezwen fè diskisyon pousa mpa wè anyen( li vire ) Dany peze bouda madanm li : koken manmie map Tann ou sou tab lan je t'aime . Alexandra pa reponn. Solèy lan deja wo nan syèl lan tout moun sou aktivite yo. Bruno pase pran Valencia pou al legliz. Bruno: mèsi mom deskew chwazi mennen m legliz ankò malgre se legliz mwen fèt men vagabond fèm pat pranl o serye. Valencia: mwen swetew pranl o serye kounya chr , lè nap tounen pouw fem pale avek manmie. Bruno: tout saw vle love. Victor avek 2 princess li yo tal legliz tou men se katolik Yale. Deja 9h Leo avek Violanda fin manje benyen fè lanmou kounya yo nan wout pral pran Andoo. Leo : se yon sware inoubliable mom mwen pap sispann diw mèsi men map remet ou sipriz lan nan jou yo. Violanda: menm siw gen pouw prepare 20 sipriz men pam lan ap rete number one , tande non chr mwen ka tou pase res jounen an kot Slandie a wi. Leo : sipriz pam yo ap pi bel , mpa gn pwoblèm chr men map vin chache andoo nan 5h poum al lakay lan avèl Violanda: epi se kounya w dim sa chr. Leo : sepa pitit mwen ankò mom. Violanda ri : mwen pa dil pa pitit ou non chr. Moun yo kontinye pale pou jis yo rive. Bildade rive avek moun yo lap soutni Michael poul antre avèl. Merline kite deja nan salon an wè moun yo. Merline fè komsi lap kriye : mèsi Bondye, mèsi Bondye ou fè pitit mwen an antre. Bildade pa okipel li antre avek Michael ki li menm tou ki pa okipel. Jayson: Bonjour manmie ou te byen domi. Merline pa okipe Jayson pandan lap rele Michael ki meprizel tankou chen. Bildade: Sonia fè yon soup pou Michael pou mwen svp avanw ale. Sonia al fè soup lan vreman. Merline ap pale poukont li : kounya yo sot monte tèt Michael kont mwen byen jwenn byen kontre tou fok mwen jwe byen wi pou Michael pa rayim. Andeyor Layden kanpe anba yon mango ap pale ak mennaj li. Layden: mwen pa vle panse map bliyew chr Sim ale se poum al aprann kek bagay sepa banboche mpral banboche. Rosie : mwen few konfyans tanpri pa brizem,,matant gentan ap banm madichon deja. Layden: mwen pap brizew chr kontinye fèm konfyans mwen te vagabond vre men papam pale avem li fem konprann ou renmenm tout bon mwen oblije poze pou ou. Rosie : weyy ou poze si sete vre fok mwen ale chr nap wè pita mwen pral fè travay avan matant mwen sot nan mache. Layden bol: ale non bb nap ekri pa sms konnen mwen renmenw anpil . Rosie: et mwen renmenw plis Lay ( li vire lap sourire). Nan yon ti tan ki pa two long Leo rive Kay Slandie. Violanda : kote moun isit yo. Slandie parèt avek yon bol spaghetti nan menl : men mwen madanm Bonjour konpè. Leo : Bonjour komè komanw ye ? Violanda : granm maten sa fi wap manje spaghetti gen rezon vant ou gwo konsa. Slandie: mwen byen konpè eu menm ? Ou menm Violanda sa si se pat konpèm kite la mtap diw sa gwo a. Violanda ri : kot timoun yo. Slandie: mwen fin lave kò yo yap jwe kounya ( li gad Violanda) gade ti koka gade ti koka waww konsa menm. Violanda ak Leo pa sispann ri : mwen pap okipew selibatè , chéri chita mwen pral chache Andoo. Violanda al chache Andoo. Violanda bo timoun yo : Bonjour princess , Bonjour Jane ma cherie. Andyra: Bonjour manmie ! Comment vas-tu? Violanda: je vais bien princess et toi ? Tu sais ton papa est là Andyra pa reponn Violanda li kouri soti al nan salon an. Andyra: papi papi papi Leo leve pranl : princess tu vas bien ? Andyra bol : Bien papounet Slandie: si Violanda pa degajel fè yon lot pitit mwen sorry pou li paske Andoo ap nyel pou papal. Moun yo ri . Sonia fin fè soup lan Michael bwèl menm Bildade ak Jayson bwè ladanl paskel te vreman bon. Kounya li fin preparel ap Tann Bildade poul ka kite Kay lan. Bildade ap met rad merline ap pale anpil. Merline: mwen pansel tap gentan ale wi mwen komanl fè la toujou . Bildade pa okipel li fin met rad li soti. Rose : 10h Valentina nan kabann toujou ebyen li granmoun vre. Rosie al nan chanm lan li wè Valentina ap domi toujou valise li te soti a bò tèt li , kriyozitel pousel al nan valise lan lèl ouvril. Rosie telman sezi : Letènèl bon Valentina pap travay kote l jwenn tout lajan sa , pinga Tina nan vann dwòg non ? Woyyy sa map di konsa pinga Tina nan pwostitisyon non. Rosie ap fè yon pakèt vye ide pandan Valentina kouche kalm ap domi. Rosie : map pran kob yo lel vin mandem kont map tou pozel kesyon kotel bare avek tout lajan sa. Rosie pran kob lan li soti lal jwenn maril. Bildade kanpe nan salon an : Sonia vin ale mwen gen lot bagay poum pase regle. Sonia : map vini mesye. Jayson te chita nan salon ap gad TV: li pa deside rete vre papa. Bildade: malheuresement non tout sam dil li pa dakò map oblije kitel ale. Sonia ap vini ak malèt epi yon gwo valise nan dol. Michael ki te tande papal rele Sonia lap mache vini lel wè Sonia avek Rad yo . Michael sot tonbe ......... Bon sa Micka dwe genla ( lol ) Aswivv..reyaji plis🥰❤️
Image from 𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖: Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*  Merline te nan douch li fè yon p...
❤️ 👍 😂 🙏 🥰 😮 😢 ❤‍🔥 🌺 421

Comments