
𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️🩹📖
June 17, 2025 at 02:26 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*
Jayson te chita nan salon ap gad TV: li pa deside rete vre papa.
Bildade: malheuresement non tout sam dil li pa dakò map oblije kitel ale.
Sonia ap vini ak malèt epi yon gwo valise nan dol.
Michael ki te tande papal rele Sonia lap mache vini lel wè Sonia avek Rad yo .
Michael sot tonbe .........
Bon sa Micka dwe genla.
Micka tal pase kèk jou kay grann li apèn lap parèt li wè Michael tonbe : sa Michael genyen anmweyyyy.
Sanl pa salye moun yo li kouri al sou Michael.
Micka : Michael, Michael, Michael (li pa janm reponn ) . Nou wè map relel li pa janm reponn epi nou pyes paka explikem sak pase a papa wi , Jayson epaw chita.
Bildade te vire gade Michael ki kouche atè a : nou pwale Sonia.
Sonia ap gade Michael : wi mesye , men nou paka kitel nan kondisyon sa non.
Sonia avek Jayson ale yo leve Michael mete nan chanm yo pase Alcool anba Nenl li reveye .
Sonia : Kom ou fè mieux kounya mwen prale.
Michael pa reponn Sonia li just vire Sonia soti paske Bildade tap Tann li deyò a.
Bildade soti Sonia swiv li Merline kontan,,Jayson pa di anyen Micka pa konpwann.
Valentina te reveye li pantan lèl pa wè valise lan: ki frekan sa? kiyès ki retirel( li al kote manmanl).
Manman ,Manman,manman wi.
Rose parèt : sak genyen ma reine.
Valentina : yon valise mwen met la pa wèl.
Rose: et kisak nan valise sa menm.
Valentina : lajan manman,,lajanm si se ti soumoun lan ki retirel lap jwenn avèm.
Rose: mwen ki retirel wi,,mwen pa konnenw nan travay,,kotew jwenn tout kob sa Valentina,,ou nan bouzen mofi.
Valentina : se sak pa bon an,,mwen gran timoun mwen gen lajanm wap chita pozem kesyon nou paka dim baw kay ou,,granmoun al kalem lajanm tande souple.
Rose souke tèt li: mwen patap manje lajan malédiction sa,,siw echwe ou te ne pouw pa bon,,men se mwen ki koz frekan ou frekan an paske'm te gatew twop men Bondye va Padone'm ( li pwan valise lan lonjel bay li) pouse bourik ou pitan'm.
Valentina pwanl li tchuipe lal nan chanm lan.
Antoine ap pale ak Layden.
Layden : egzamen pou lot semaine papa,,mwen pwale jis pou'm aprann men map la chak pagen kou.
Antoine : vye wout sa pap dakò ou fèl dri gasonm.
Layden: papa mwen pap ka kitew sèl vre ,,,se mwen avèw kite toujou la et map ret la sa pa twop mwen chanje ide.
Antoine : Layden.
Layden: papa svp wap granmoun ou bezwen gen moun la avèw,,,pwal mande Vio edem achte yon moto pito.
Antoine : sak diw li gen Layden ale al fè konesans ak lavi an.
Layden pwan téléphone li: banm rele Violanda yon fwa.
Antoine paka dil anyen,,,Layden renmen papal anpil et Antoine ap granmoun vre li paka kitel sèl.
Slandie tap farouche Mesyedam yo téléphone Landa sone.
Violanda : papi chéri.
Layden: ou pa okipe Vio.
Violanda gad Leo: non freo komanw ye?
Layden : mwen byen,,yon bagay vle pale avèw.
Violanda kanpe li deplase: nou ka pale cheri.
Slandie gad Leo: 2 gason sa yo se 2 grenn zye li.
Leo sourire : li palem 2 yo.
Slandie : mwen kontan travay wap fè nan Violanda li vin très joyeuse.
Leo: se misyon mwen sa nan vi Pilar.
Micka al nan chanm Michael lan: saw genyen freo.
Michael : yon fièvre cherie doudou.
Micka: yon fyèv ki fèw endispoze a bby ou konnen m alez avew anpil explikem saw genyen , oufff grann mwen banm anpil lajan la,,pwal byen fete ou pap nan Graduation an.
Michael : ou pa envite'm non.
Micka teke tèt li : koken Sim pa envitew kiyes poum envite Kat ou la wi boss kounya vin explikem saw gnyn
Layden te fin esplike Violanda sal vle an,,Violanda pwomet li malgre'l poko wè kob.
Violanda retounen kote Mesyedam yo ak yon lot visaj.
Slandie : gon pwoblèm Vio.
Violanda fòse sourire : non boo.
Leo ap gad menaj li,,li santil deranje Slandie pa pèsiste paske'l konn lap dil aprè,,li leve bay moun yo pale.
Leo: kisak pa ale manmie ?
Violanda ap karse visaj li: anyen mn amour.
Leo: Violanda kisak pa ale,,ki apèl ki deranje'w la( bay li yon mine).
Violanda ri : et mine sa papi li pa nesesè,,,apèl la pa deranje'm mon amour se ti frèm kite relem.
Leo: mwen konnen kisal diw? kisal vle? kisak pa ale manmie,,visaj ou dim ou pa ok mom ou paka banm manti sa gon bagay ki deranje'w.
Violanda : wap fè fo ide cheri mwen diw mwen ok.
Leo kanpe: ok mwen pwale pwan swenw( li deplase).
Violanda kanpe: papi.
Leo pa kanpe li kontinye wout li.
Violanda chita : et sa komanse.
Michael: mwen pa gen anyen chérie men sof ke frèw sou wout pou yon gran changman (li souri ).
Micha: mwen tap kontan pou ou freo paske mwen renmenw anpil.
Michael anbwasel : mwen renmenw tou bby Devine kiyes ki fèm preske chanje konsa.
Micha: attends attends pa dim ou gen mennaj.
Michael Bay yon min tris ti dlo sot nan zyel : Non soeurrete mpa gen mennaj ou met al nan chanm ou map explikew demen oubyen pita net.
Bildade te fin depoze Sonia nan yon ti kay li te achte pou fon dépôt,,li bay Sonia rete ladanl toujou,,pafwa Bildade parèt bon et pafwa li kriyèl,,Bildade toujou domine 2 sal te wè an li pase al soule tèt li nan yon bar.
Merline menm chita ap rakonte Nathalie tout bagay ki pasel yo nèt san manke moso.
Nathalie : pi gwo erè an se kitel wèw, ,Bildade te deja pa sipotew kounya wap fèl ale nèt.
Merline : li pat sipote'm men kounya li vle'm paskel pat janm ka genyen fanm li te vle an.
Nathalie ri: fanm li toujou damou an epi yap diw lanmou pa éternel.
Merline tchuipe : Dade pat janm bezwen manzè vre,,mwen gon randevou pita male( li rakwoche) se mwen kite konn rakontew kifew ka panse sa tchuipssss.
Alexandra fin sèvi mari'l lontan li nan chanm lan ap prepare rad pou pita.
Dany antre: cheri ou kwè se yon bon ide.
Alexandra : nan kisa?
Dany: baw ale nan plas mwen,,pa pito se mwen ki ale mete Merline nan plas li.
Alexandra ri: ou pwanm pou kisa? pou kèk vye silvirin,,pou kèk egare,,eske se premye fwa? non Eskew janm dil anyen? non li te relew ou te dim se bagay biznis kounya wap palem 2 pouw ale,,ou renmenl konsa poukisaw pa pwanl.
Dany : se te yon move ide propozew sa dezole manmie( li soti).
Alexandra kontinye sal tap fè an tou anlè.
Slandie : visaj ou pat nomal,,eseye metel alèz chérie.
Violanda : non et non,,Leo gen lajan li pwal vle fè sesi sela mwen pap dakò.
Slandie: et ou konte fè kisa?
Violanda : I don't know menm pa konte non plus mandel lajan.
Slandie: mwen pa diw mandel lajan,,ou konte pa janm pale avèl olye 2 dil kisa frèw bezwen,,desann sou tè Vio wap travay ou pa silvirin,,ni depan 2 gason salè wap touche an ka pa sifi pou reponn ak tout bezwen an si Leo baw kout men se pa mal,,se devwa li lap fè sipote menaj li,,konseyew relel et pale avèl.
Violanda leve al kanpe bò yon fenèt lap imajine yon pakèt bagay.
Nachoo al lakay Gina pou'l rakontel sak genyen.
Gina: mwen pala pou'm fè sexe sèlman,,mwen te fè yon rankont mwen te met Bruno alèz deja.
Nachoo: ebyen se mwen ki la pou sexe sèlman,,,Leo ap imilyem li panse lap byen fè,,tifi sa pa konn kotel pwan la,,pwanl nan biwo an pou'm fè moun pou li.
Gina ri: la wap desann nan nivo kokorat lan nèt,,,mesye yo te alèz ak nou,,bay fi an vag peut-être sal te bezwen an ou pat ka bay li,,siw dim nan sèlman kèk semaine konnen sal tap chache an li jwenn li.
Nachoo: se konsa tou sa map chache an fok mwen jwenn li.
Gina leve menl: degajew sèm pa bat kow twop,,gen prizon ,gen lanmò veyew.
Nachoo tchuipe lap réfléchi.
Leo te ale lakay li,,li kouche poul fè yon bon domi,,Bruno te fin depoze Cia li tou ale lakay li.
Nan pita.
Alexandra te metel byen belle ,,byen santi bon,,li met yon gran rad ki fèl byen,,yon sandal pla,,li pwan valise li,,Merline te gentan bay nimewo chanm,,Alexandra ale ak téléphone lan Merline deja kouche ap tann li.
Violanda te rele Leo li pat janm pwanl koz lap domi,,Violanda pwan taksi pou lal lakay li.
Jayson te pase pwan Asha moun yo Chita ap pale.
Asha kontan : merci papi paskew chwazi tande'm.
Jayson gadel : kisaw pwal dim Asha?
Asha: mwen vle mandew ezkiz cheri,,pou'w padonem mon coeur et promet ou map chanje pou wou.
Jayson: sa sèlman wap dim.
Asha: wi papi.
Jayson : kounya wap tande'm,,mwen pa bezwen fè pleyonas ou konnenm renmenw,,et ou konn mwen pa sipote moun ki maledve,,menm siw ta vin jwenn mwen chita konsa ak yon fanm,,premye sa pouw fè se fèm et pozem kesyon,,afè aji pa emosyon an pa fèm li,,ou fèm yon premye wont,ou pap fèm yon dezyem ni twazyem nap met fen.
Asha: mwen konpwann papi,,se jalou mwen two jalou wi ,,mwen pa vle pèdiw Jay mwen renmenw anpil.
Jayson ap gadel: sèlman konpotew byen.
Asha sourire li bo'l : merci mon amour mwen tap soufri papi.
Alexandra rive nan hotel la,,li monte direk nan chanm Merline te ekri an,,li ouvri porte la.
Merline te chita ak pye li kwaze li sezi: saw pèdi la.
Alexandra lock porte la li chita.
Merline sezi lap gade'l nan je.
Alexandra sourire : gran fanm Merline,,,men genlè lajan pa bay karaktè( li kwaze pyel) après konbyen ane mwen vin wèw pap janm kite chyen oupssss.
Merline fache: pa pèmèt ou Alexandra.
Alexandra ri: gad boudaw pou'w wè si pagen kaka chérie,,ou te imajine kisa ki Dany tap vini( li serye) ou toujou vle trennenl nan labou santi an.
Merline: mwen pa trennenl li mache vin jwenn mwen,,,sil te renmenw, sil te bezwenw li patap janm Nan baw manti vin jwenn mwen lèm vle.
Mo yo blese Alexandra menl pa kite sa deranje'l: la mwen dakò avèw,,,men Ann serye zanmim 20 ane gentan pase wi,,ou stil ret bouzen ,,saw panse Sim bay mariw surprise ak photo sa yo,,et bay yon media li pou fon pale 2 li gran fanm Merline.
Merline : ou pap ose Alexandra,,siw fè 20ane ak mariw ou wèl toujou gen fèb pou mwen konnenm se meilleure an ( li sourire) ou abitye kraze kòw deja li stil kontinye chwazi'm,, ou te genyen Dany paskew te gen lajan men kè Dany se Merline ki la( li chita lap sourire) konbyen fois ou mandel pa pale avèm hein,,li toujou fèl Alexandra zanmim trèt sa paka enpechem renmen mari'm Dany.
Alexandra sourire : très belle discours Merline,,men kite'm diw ke Dany pap janm chwaziw sil tap chwaziw li tap fèl deja,,mwen te vle wè ak 2 zye'm malgrew gen pitit se bouzen ou pap kite( li leve soti) andanl ap rache paske sal di yo sanble verite,,,li toujou mande Dany pou'l sispann li pa janm fèsa.
Merline kouri al nan twalet li tap pale ak Alexandra se efò li tap fè men pa paske'l pa sezi( oufff si Bildade wè photo yo map mouri pauvre).
Alexandra tap jwe femme Forte devan Merline,,men kounya lap kriye lap kondwi ak dlo nan zye.
Leo te reveye li sezi wè tout lè li ye,,et tout apèl manke Violanda bay li kite yon mesaj pou li dil ale,,lap rele Violanda ki pa janm pwanl.
Harry: epaw pa fè malet.
Nancey : mwen pap fè kounya,,ou poko deside toujou.
Harry: deside kisa ? Flore ap vin la evite pale 2 sa avèl svp.
Nancey: mwen pap pale menw deside poun ale yon semaine ap sifi.
Harry : epi voum reyalite an bare'm anba a saw vle'm di hein kisaw vle'm fè.
Nancey: bay verite Harry kanmenm fok li devwale cheri.
Harry pwan yon jus : mwen poko pare pou sa merci.
Nancey : tout desisyon ou pwan gon konsekans dèyèl poukisaw pa Chache wè ki dega sa te fèt pou'w répare erè an.
Harry fin tande li kontinye mache al nan chanm li.
Solèy la te gentan kouche.
Alexandra parèt Dany te kanpe ap tann li,,Alexandra pase antre.
Dany etone: et sa fini mal( li swiv li) Alex men kanpe chérie pou'w esplikem manmie.
Alexandra kanpe li vire ak dlo nan zye: esplikew kisa? ke nan laj mwen 47 ane bon ten kifè yon moun ka wèm jeune,,pou'm nan fè jalou pou gason,,47 ans mwen an pou'm konnenw kontinye ap frote nan menm dlo sal lan,,fè yon fanm ki pa yon med imilyem et tout sal di se verite ( li pwan téléphone lan lap pase audio li te pwan le Merline tap pale an,,,Leo tap desann li ret ap tande sèl Dany ki wèl,, Daniella ap parèt ,,Dany wont li santi kijan madanm li desu,,li santi jan Merline kraze moral madanm li,,li wont plis lèl wè 2 pitit li yo ap tande tout bagay mesaj lan fini).
Alexandra mache li remèt li téléphone lan : ale pwanl et banm divorce mwen( li vire) li pa menm prete atansyon si timoun yo tap tande'l.
Dany kloure Leo desann mach lan al sou lakou an: Jace.
Leo pa okipe papa'l si gon bagay Leo pa tolere se lè manmanl ap kriye Dany wont.
Aswiv..reyaji plis ❤️🥰🫵🏻

❤️
❤
👍
😢
😂
🙏
🥰
😮
🇭🇹
🤗
423