𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
June 18, 2025 at 07:10 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie* Alexandra parèt Dany te kanpe ap tann li,,Alexandra pase antre. Dany etone: et sa fini mal( li swiv li) Alex men kanpe chérie pou'w esplikem manmie. Alexandra kanpe li vire ak dlo nan zye: esplikew kisa? ke nan laj mwen 47 ane bon ten kifè yon moun ka wèm jeune,,pou'm nan fè jalou pou gason,,47 ans mwen an pou'm konnenw kontinye ap frote nan menm dlo sal lan,,fè yon fanm ki pa yon med imilyem et tout sal di se verite ( li pwan téléphone lan lap pase audio li te pwan le Merline tap pale an,,,Leo tap desann li ret ap tande sèl Dany ki wèl,, Daniella ap parèt ,,Dany wont li santi kijan madanm li desu,,li santi jan Merline kraze moral madanm li,,li wont plis lèl wè 2 pitit li yo ap tande tout bagay mesaj lan fini). Alexandra mache li remèt li téléphone lan : ale pwanl et banm divorce mwen( li vire) li pa menm prete atansyon si timoun yo tap tande'l. Dany kloure Leo desann mach lan al sou lakou an: Jace. Leo pa okipe papa'l si gon bagay Li pa tolere se lè manmanl ap kriye Dany wont Dany: Mwen tedi Alexandra non li pat vle koutem menl soti li antre lap kriye e kounya komanm pral fè kalmel sak pi mal lan Leo wè lap kriye. Alexandra antre Nan chanm lan lap kriye ak Raj Leo te retounen ap eseye kalmel. Leo : manmie pa kriye paskel pap bon pou ou ok e ou konnen mpa sipòte lew ap kriye. Alexandra siye jel : ou met al nan chanm ou chéri se diskisyon mwen menm ak papaw kitem jere sa ok. Leo pat vle ale men li oblije tande manmanl li deplase. Dany wè Leo soti li tou profite Antre Nan chanm lan. Bildade nan yon bar depim maten lap dechaje boutèy lap chaje tèt li. Bildade: poukisa lanmou mechan konsa , Poukisa lanmou injuste konsa , Poukisa malgre mwen aprann renmen l lap fem sa , Poukisa apre tout ane sa yo se sa lap remet mwen ? serveuse . Serveuse lan vin jwenn li : Mesye men ... Bildade pa kitel fin pale: yon barbancourt ankò svp. Serveuse : mwen Vin travay depi Nan 2h mwen wèw la mesye menl 9h wap bwè toujou mwen konseyew antre lakay ou paske Soule tet ou an se pa li ki solisyon an demen pwoblèm nan ap la pi Rèd met gason sou ou pouw antre lakay ou. Bildade ri : pwoblèm aaah pwoblèm se premye fwa mwen rive Nan pozisyon sa ou konn sak fem pi mal se paske mwen aprann renmen l , aprann Viv avel malgre defol yo men malgre sa lap tchip sou mwen. Serveuse : ok ok ou pa bezwen pale paske plus wap pale se plus kleren ap monte nan tèt ou banm telephone ou poum rele moun lakay ou. Bildade bal telephone Nan ki te deja san kod : wap wè Nom "mon fils adoré" se se se li m m m menm pouw rele ( li poko fin pale li vomi sou tab lan ). Apre Jayson te fin padone Asha moun yo te deside pran chanm pou al distrè yo. Asha: mèsi pou bel moman sa Jay mwen pwomèt ou mpap janm fè vye jalouzi pou ou ankò papi. Jayson bol : se pa mwen pouw fè pwomès chérie se tet ou pouw fè pwomès ok saw panse sin pati pou yon 3eme. Asha : je suis tout à toi my love nap fè kantite fwa ou vle dayè mwen gen bann. Jayson ri pandanl pral kapte lèvre Asha telephone li sone. Jayson kiyes sa menm oufff. Asha: pranl papi ou pa janm konnen. Jayson pran telephone Nan lèl wè se papal. Jayson: papa. Serveuse: se pa papaw non mesye , papaw sou vin chachel pran yon plume poum bow address lan. Jayson ap fè tet cho : ou met banm li konsa svp. Serveuse lan bay Jay address lan , pandan lap fè prese poul rive jwenn papal. Asha: mwen met al avew chr. Jayson bol : non mom antre lakay ou please map relew lem rive je t'aime. Merline te gentan antre lakay li lap reflechi. Merline (ap pale poukont li ) : kounya si Vye fi sa voye fotom bay media vre gad koman mal sal image mwen ,Merline Merline janm konnen w entèlijant komanw fè kite aksyon sa rivew si Bildade konn bagay sa lavim fini paske se li ki rich ti biznis mwen an paka banm manje menm pou yon mois Mezanmi sam pral fè. Dany te antre kot madanm li an : Manmie fok nou pale sin pa pale koman nap fè jere sa. Alexandra: mwen pa de Bonne humeur poum pale Dany repozew nap pale demen ok. Dany : tout saw vle chérie men pa pinim pou yon bagay mwen pa konnen konnen Dany renmen w anpil anpil Alex. Alexandra pa okipel lap pale nan kèl : mwen konnen w renmen m Dany men poukisa ou toujou al rankontrel an sekrè dmen mwen swetew banm tout verite si non se fini pou mwen avew. Leo tal nan chanm Daniella a . Leo : lèsa wap etudye Danie. Daniella: se pa etudye non discours lan map fè repetition bby saw gnla visaj ou fennen fennen konsa. Leo : manmie ak papi ki sanble nan diskisyon manmie ap kriye depi talè a mwen santim enpwisan mpaka kalmel Danie. Daniella: kite yo jere sa bby pa gen koup ki parfait tout moun fè erè yo granmoun doudou ba yo distans Yap jere sa kanmenm. Leo : year mwen konn sa e pou ou komansa ye ak Mario. Depim maten lè Sonia re rive a li fè netwayaj Kay lan li jwenn tout bagay nan chanm lan menm si se Kay pou Bildade te fè depot men li te genyon chanm ki ranje gen pafwa se la Bildade konn domi lel fache ak Merline. Sonia : mwen ta byen renmen pran nouvel li men mpa gen numerol poum mande komanl ye , eske fyèv lan kitel tout ça . Demen maten pandanm pral nan mache poum pase wè komanl ye. Jayson te rive Nan address lan li jwenn papal ap depale. Gen anpil moun ki rekonet Bildade yap fè tripotay. X1: ou ka wè se madanm li , li sot kenbe ak yon lot neg la wi. X2: si misye gen lajan yap twonpel e mwen menm ki pa gon goud lan yap rache kràn mwen met atè. X3: la femme ras manmanm sa yo mpa fè yo konfyans menm gad eta yo met neg la. Jayson tap tande pawol yo pa fèl byen malgrel pa konn sa papal gnyn ki fèl nan eta sa. Li soutenu papal metel Nan machine nan lal avèl menm serveuse lan li pa sonje remèsye. Leo te fin pale avek Daniella kounya li nan chanm li lap eseye sone Violanda ki pa janm pran apel lan li kite mesaj pou li. Map relew ou pa vle pran apèl lan se domi mwen tap domi Violanda epi se mwen ki pou fache m pa fache kounya wap fè stil sou mwen ,,map relew ankò depiw pa pran apèl lan map vin lakay ou kounya map mòdew sou bouboune pouw pa janm fem sa ankò. Violanda jwenn mesaj lan li souri : ou pa bezwen vini lè sa Mr Jace ok nap pale demen Bonne nuit. Violanda ap pale poukont li : demen map eksplike w tout bagay net bby pa enkyetew. Micka nan chanm Michael la : men mwen boss papa explikem tout bagay net san manke mòso. Michael: demen. Micka : non kounya mwen vle please. Michael: ebyen ok ( li explike Micka tout bagay net de A a Z ) malgre mwen domi lopital lan Merline pa ale. Micka tris pou frèl : Merline , Merline anfen mpa konn jis kilè fi sa ap genyon zantray maternel, e kounya Sonia pa mankew. Michael bese tet li: sil kite Kay lan se fòt mwen doudou Sim pat al anmegdel li tap lakay la toujou. Micka : sa pase freo kounya se prezan ki konte make sure ou se yon bon fils nan zye papam travay poul fye de ou ok. Michael: wi map travay e lap fye de mwen doudou. Micka sourire. Bruno rele mesye yo: nou nan fouk epa nou lage'm. Leo: pa lagew broh. Harry : nou gen lanmò. Bruno: merd sa kap fèt. Harry: poze et ou menm boss,Leo. Leo: frèm koman wap frape. Harry: apa nou la frèm poze. Bruno : sim deside mande Vava marye eske'm pa two prese. Harry: wi et non,,wii paske'w poko fin konn demwazèl lan byen,,maryaj pa yon jwèt eseye chache konnenl plis,,,non paske vreman ou renmen demwazèl lan wap toujou vle li bò kotew plis. Bruno: merci broh Leo. Leo: Harry gentan fin pale freo ou damou'l ou pa vle pèdil,,wap toujou vle moun u ret près ou men avant eseye chache konn plis 2 li freo. Bruno: merci frèm yo se premye fwa renmen yon fanm konsa,,li dous,jantiy,,konn pale kwè nan travay anfen. Mesye yo silans pou tande patnè an kap pale 2 santimanl pou yon fi,,menm siw tande vagabond yon gason ta vagabond moman li tonbe sou moun li renmen an lap tou kole. Touswit mesye yo te fin pale Leo te resevwa yon lot apèl. Nancey te rele Leo. Leo pwan apèl la: anpil ane. Nancey ri: depi'w wè sa mwen bezwenw,Komanw ye Leo? Leo sourire : ebyen map tandew mwen byen et ou. Nancey: mwen anfòm,,mwen vle'w edem konvenk Harry pou'l vin ayiti,,nap gen konje map vini ak Arms li menm li dim non. Leo: depi misye gen konje lap vini lage dosye sa nan men nou. Nancey: mwen konte sou wou ti frère. Leo: map jere sa demen. Nancey: merci mwen te konnenm ka konte sou wou. Leo: pa enkyetew. Nancey rakwoche : pa renmen lèl pa vle ale an menm. Leo tou rele Bruno pou metel sou kou,,mesye yo ap fè plan pa yo. Konsa nwit lan te ale byen rapid,,tout moun leve jere koze yo,,Michael tal Kay Mima kap knseyel pou'l pwan avni'l an men,,Violanda pat vle bay Leo vrè rezon an,,Alexandra toujou ankole kont Dany li pa janm bay li tan pou tande anyen. Semaine lan pat pwan tan pou'l te antre Victor tal jwenn madanm li,,tout bagay tap dewoule trè bien,,sèlman Nachoo kap chache fè plan pou kraze relasyon moun yo,,jou ale jou vini Violanda tap prepare'l pou'l ale kay Dany paske lap domi la aswè an pou'l komanse prepare bagay pou décor an,,paske demen dimanche se graduation an. Slandie te vin kotel. Slandie : wap domi nan chanm Leo an. Violanda : kote yo metem mwen bon. Slandie : demen soir map soti ak grimas la. Violanda : wal fè koze. Slandie: Jane pa renmenl pa wè mwen ki pwal avèl malgre'm santim byen avèl. Violanda : konsam santi'm byen ak Leo,,Leo se benediksyon pa'm mwen pa wèm ki pwal fache avèl,,se tankou mwatye mwen Leo ye wi Slandie,,lè lap fikse 'm li raple'm anpil bagay kem paka defini ni esplike mwen just damou nèg la. Slandie tap tande ak kè kontan deklarasyon zanmil ap fè ,,li santil kontan paske'l konn sa Violanda te pwan janl te soufri de abandon ex menaj li ,,li te toujou wè nan Violanda yon bon moun. Violanda fin ranje valise li: mwen renmenl anpil pa konn sa kap vin pase après men pou kounya li se tout sam renmen et bezwen. Bildade pat janm nan pale ak Merline andan an. Micka : demwazèl lan dim demen lap vini bonè. Bildade : ok swetew satisfait chérie. Micka chita sou Papal : yon kesyon pa. Bildade : ale ma puce. Micka : après tout tan maryaj ou ak manmie ,,ou toujou renmenl menm jan an. Bildade etone pou kesyon an li tou santil deranje ????? Eske Bildade ap bay rezon li deranje an??? nou pa konnen... Aswivv..reyaji plis❤️ Nou pa vle reyaji sou tout texte Nou lage yo ok nap kanpe feyiton yo paske nou la selman pou feyiton ✍🏻
❤️ 👍 😂 🙏 🔥 ❤‍🔥 💃 😮 👩‍❤‍💋‍👨 427

Comments