𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
June 19, 2025 at 08:06 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie* Micka chita sou papa'l :yon kesyon pa. Bildade : ale ma puce. Micka: après tout tan maryaj ou ak manmie,,ou toujou renmenl menm jan an. Bildade etone pou kesyon an li tou santil deranje??? Micka ap riiiiiire: ale papi reponn esplikem komanw te fè ansanm ak manmie. Bildade: pita mande manmie lap reponn ou. Micka kwaze menl: tout timoun konn istwa paran yo sof mwen( li leve). Bildade kenbel: pita map esplikew ma puce bisous pa boude. Micka toujou boude. Leo te ansanm ak Bruno: fok nou konvenk li freo. Bruno: sam voye dil la enpotan nap menm dil nap peye tike an. Leo: alèz monchè,Koman sa ye ak Gina Valencia. Bruno: se wou'k te jwenn demon an,,Gina konpwann mwen li prèske en couple,,Vava ak sèl stil kontinye ap bif yon bagay kem pa renmen ditou. Leo: eseye pale avèl mwen panse li tap kitew. Bruno: pou'w te griyen dan jòn ou yo. Leo riiiiiire: ala nèg frekan,,,patap janm ri nan sa freo mwen konn lèw vle yon bagay. Bruno bay li respect: respect broh mwen te vlel mwen genyenl,,et map goumen pou'm pa pèdil. Leo kanpe: pawòl yon bon jenjan,,ou fèm chita vale bière avèw,,fok mal deyè Violanda pa bliye demen broh( li bay akolad). Bruno: mwen pap bliye zanmim. Leo soti li pwan machin li pou'l ale,,menm siw tande pagen tan 2 mesye yo paka pa wè,,se 2 bon frère 2 bon zanmi bonè youn se bonè tout. Alexandra depoze yon gwo bwat nan kizin lan: Liline. Liline parèt,,Liline se moun ki lave pou fanmiy lan,,lè gen gwo aktivite Alexandra toujou relel pou bay kout men. Liline: me mwen madame. Alexandra: tout bagay fini chérie. Liline: prèske madame Mesye Leo te banm fè yon bagay pou li. Alexandra: ok lèw fini banm kout men nan sa yo(li soti nan kizin lan). Bildade te antre nan chanm lan. Merline wèl : ou resi sonje chanm lan. Bildade fè tankou'l pa tande. Merline riiiiiire : kounya yon ti bagay map fè,,tèlman non lot la nan lespri'w ou panse se lim te site poutan. Bildade pwan sal bezwen an li pwal soti. Merline ale kanpe devanl: relax bb saw te tande an epat sa,,ou fè konbyen semaine ap imilyem la relax bb. Bildade : ou konn pi gros regre mwen. Merline: non chérie. Bildade : se te chwaziw pami lot fi kite sou mwen,,et se sak rele kama an mwen tap imilye yo me kounya gad anba kisa'm tonbe. Merline pa kontan: wap blesem la,,mwen konnen gen kèk bagay ki pa ale men la wap frasem. Bildade : pita mwen swetew gen kouraj esplike timoun yo rezon nou te renmen vanpi( li rale porte la li soti). Merline chita sou kabann lan: mwen pa genyenl mwen genyenw se bien,,men la cheri ou paka ap blesem( lap réfléchi). Leo te rive li ouvri porte la : Bonsoir. Slandie : Bonsoir konpè. Leo bo Violanda : ou ok man. Violanda : wi pa. Leo bay Slandie lanmen : wap fè belle wi komè. Slandie riiiiiire : sa rele fawouche ( li kanpe) map tou ale wi Mama. Leo : mwen bay verite wi ( li tou al nan chanm Violanda lan). Slandie riiiiiire : konsa mariw soti pou fawouchem fi,,kot belle la. Violanda : ou belle ben,,me wap fè sport se wouk rele bel anfom lan. Slandie teke tèt li: fèzè. Violanda riiiiiire lal rele Jane pou li. Bruno tal kay Valencia. Roland : pansew te bay vag wi gason'm. Bruno: non gran pa mwen toujou la. Roland : fanmiy lan ok. Bruno: wi Merci. Roland : Valencia andan wi ou ka antre. Bruno : merci( li tou ap mache pou'l antre). Valencia tap pale nan téléphone ak Jay: mwen ap vini bonè nan espas 7h ,,sal vle yo pa anpil. Jayson: ou pap ka la nan seremoni an. Valencia : jis kounya poko di papi anyen ni mesye mwen an. Jayson : mete yo alèz wa fèm konnen ti sèm. Valencia sourire : ok( ti sèl) li riiiiiire. Bruno kwaze menl: ou te vle plis. Valencia sezi li vire: beb. Bruno met men nan poch: yh. Valencia vin pase men nan kou'l : wap bay surpris kounya tineg( li bo'l). Bruno kenbe'l nan senti: sim pat bay surprise patap konnen siw te gen Randevou a 7h ni lot Randevou ou. Valencia rale nenl: mwen ka bliye papi menw patap pa konnen. Bruno: chanjew nap soti wa reponn kesyon yo nan machin lan. Valencia riiiiiire li bo'l. Leo te nan chanm Violanda an,,li wè yon ti kaye li ouvril lap lil,,lèl fini li depozel. Violanda antre : beb. Leo : mom nou pwale. Violanda : wi chérie pitit ou an pa konn siw la. Leo: sak nan ti kaye sa manmie. Violanda gad Leo: ou te ouvril. Leo: non wap banm pèmisyon an. Violanda pwan ti kaye: wap fin li mwen pap pwan oken komantè. Leo monte sousil li pwan ti kaye an,,kounya li pwan sanl pou'l li yo se kaye budget Violanda,,chak sal bezwen reyalize li ekril nan kaye an,,Leo fin byen li'l li remèt li: merci mom. Violanda pwan kaye an li depozel: nap soti papi Andoo nan chanm li. Leo soti li sourire paskel gentan gen plan pou Violanda. Harry al kote Nancey: ou te rele mesye yo Nancey. Nancey ap manje: sak pase. Harry: mesye yo envite'm nan yon bagay ayiti et fèm konnen map gen konje. Nancey sourire : Gloire à Dieu nap tou ale ansanm. Harry twazel : travay ou sa Nancey. Nancey: mwen tap fon bon bagay kanmenm,,komanse rele tifi ou an dil sa. Harry chita: sak diw mwen pwale menm. Nancey twazel li pa reponn. Valentina ap joure: si se mwen nou tap pale anpil,,nèg la pwanl li ale avèl c très bien lè se mwen se pale anpil nou byen fè. Roland: kot menaj ou prezante isi an deja. Valentina : pou'n ka manje sou tèt mwen. Rose pla li tou kenbe'l : ou frekan ak djòl ou( Rose bon jan frape). Roland chita: mwen te gentan konnen ou pap chape pa enkyetew mwen pap janm manje sou tèt ou se bout anbaw wap vann pitan'm fèl pou tèt ou pito( li leve). Rose trennen Valentina : eskew konsyan 2 saw di an san vegòn( lap tòde bouch li) se mwen kite gatew et byen mwen kap dresew. Valentina ap bougonnen. Bruno tap poze Valencia kesyon. Valencia : se soeur li kap gradué li te mandem dekore,,se peye yap peye'm bb. Bruno: wap tou akonpanye li. Valencia : li mande sa papi. Bruno: ou pwale. Valencia riiiiiire : papi. Bruno serye: ou pwale. Valencia : si papi dako. Bruno: ebyen non,,nou pwal nan yon graduation a midi swetew gentan fin dekore an,,se rad nou pwal achte( Valencia pwal pale) Shiittt manmie bliye mwen te bliye diw sa se talè an Leo fèm sonje keur. Valencia riiiiiire. Sonia te sot fè mache li apèn ap antre Bildade te relel pou fè manje yo. Micka wèl : pansew patap vini sovem. Sonia ri: mwen patap pa vin fè manje pou wou chérie. Micka: merci man( li monte). Sonia ale komanse prepare avèl bagay yo ap anpil nan menl demen. Asha te fin kole lace li,,fi an ap prepare afèl met la paske fok li pi belle. Daniella rele'l: mwen strese wi. Asha: mwen tou wi sèm afèm map ranje la. Daniella riiiiiire : wey ou rapid wi nan kilè mom ou ap rive demen. Asha: mwen pa konnen fi sèlman map tann li. Daniella : antouka a demen doudou. Asha: ok beboo ( ki vòl manmanm ap jwenn la,,eske se pa manti). Asha pa janm ka konprann konpotman manmanl,,nan yon mois se 2 fwa yo ka pale konsa. Leo rive sa gen 10 minute depi'l fin prezante moun yo Andoo ak Violanda,,malgre li te vle bay surprise men la li oblije bay verite. Alexandra : Leo pa diw sil vagabond anpil Pilar. Violanda sourire : li pap dim sa. Daniella : mwen sonje manmie te di lap di nenpot fanm ou prezantel isi an sa. Dany riiiiiire : li bliye pati sa. Leo gad Violanda : piga nou metem nan cho ak bb an non. Alexandra : pa okipe Leo mwen konn tout betiz li fè yo pwal refè surface lèl deside fè yon bagay serye,,met fanm sou wou pouw gouye anba yo,,fanmiy lan nan dow red,,se Leo kap chache kote poul met fanm li yo. Leo: Manmie. Alexandra : manmie kisa,,yo mankew dega manke yo dega tou,,yo jourew joure yo tou,,,Leo fache bay li pa li tou,,sil pwan ti moso san nan papa'l map tou swetew kouraj pitan'm,( timoun yo gad Dany) ,,fanmiy gason ka ipokrit men mwen konnenm diferan,,li tèlman konnenm byen yon sèl li te prezante isi an,,li brizel li tou lage ou se dezyem lan mwen vle'w dènye. Violanda sourire surtout Andoo ki gentan domi sou Alexandra,,li renmen anbyans lan surtout Alexandra pale avèl li pa regrèt kob li pa pwan an. Bruno te fè madanm li chwazi yon bel rad ki pwale ak chemiz li,,li achte tout bagay pou Valencia yo deja nan wout pou retounen. Michael tap kraze yon domi kounya li reveye li desann al pwan dlo,,li sezi wè Sonia la : Bonsoir. Sonia : Bonsoir. Michael pwan jus lap gad Sonia kap netwaye yon vyann: ou vin pou graduation an. Sonia : wi mesye an fèm vini. Michael : ok( li vire). Violanda te nan chanm Leo an: konsaw te vagabond la? Leo gade'l : manmie. Violanda twazel : ou patap dim sa,,fok mwen prudan nan lari an. Leo: tout vagabond mwen fè se ak prensip mwen fè yo manmie,,et pat janm gen bagay serye antre mwen ak yo. Violanda : ou byen fèt. Leo monte epòl li: ok( li soti). Violanda kanpe ap admire chanm lan. Téléphone Leo sone. X: nap ka wè. Leo: non. X: ou konnenw paka refizem vin lakay ou pito. Leo: mwen diw non. X: nan 20 minute mwen sou wou. Leo vire gade: banm adress lan( li rakwoche) move moman tchuipssss.... Kemisha ap pale ak mari'l : map kite yo lundi bonè map tounen. Wedson: ok chéri ou gen kob. Kemisha : siw te voye anko li tap bon chéri mwen paka parèt ak 2 menm. Wedson: map voye chérie Djina byen mwen pa tandel. Kemisha : nou byen mon amour nou sonjew. Wedson : map vini medanm mwen chérie. Kemisha sourire lap pale ak Mari'l ak keur sere paske'l konn se manti lap bay mesye an. Bruno te fin depoze Valencia li ale lakay li. Valencia fin di papa'l sa. Ronald : sèlman prudan chérie. Valencia: wi pa manmanm kouche. Ronald : kapab sa Cia sèlman pitan'm pwan sanw wi pou'w rive kotew vle an. Valencia : wi pa mwen pap fèw wont et map leve tet ou byen wo. Ronald : travay plus pitanm yon jour wap rive. Valencia: wi pa merci. Li te gentan ap fè yon lè li deja 8h. Leo te di Violanda lap vini. Leo ap pale ak Bruno: sim nan cho freo. Bruno: mwen konseyew klasel yon fwa broh. Leo ap tchuipe: pi gwo erè mwen fè se pat klase yo avanm te ak Violanda,,ou imajinew manmanm kap rakontel koze,,si yo aprann bagay sa yo pa menm bezwen devine. Bruno: mwen konpwann ou patnè'm surtout Violanda lakay ou se avèl pou'w te ye. Leo: yow mwen tèlman strese nèg paske'm pa vlel vin fè deran lakay la( mwen rive broh talè). Bruno rakwoche pou li. Leo gare machin lan,,li antre andan an se yon club ki la. Micka: papi pwal rakonte nou yon istwa jodya. Bildade: ann kitel pou demen soir pito ma fille. Micka boude: ahhhhh. Bildade: aprè fête nap chita pale. Micka pa reponn lap manje. Jayson: ki istwa li ye? Bildade: rankont mwen ak manman nou. Jayson riiiiiire. Michael sou tab la se tankou'l pala. Andoo al domi anba vant Danie. Violanda nan chanm Leo an: mwen ta relel menm pa konn kotel ale. Leo te andan an,,li chita anfas yon demwazèl belle bagay santi bon,,gran lam 2 diva Leo pap ka ranse avèl,,lap rale chicha voye nay yo nan figi Leo. Leo: Daisy mwen dwe ale dim sa wap dim lan. Daisy riiiiiire: nap pase nwit lan ansanm ak 2 medam. Leo riiiiiire: ou pa serye. Daisy bo'l li pase langue li sou bouch Leo li souse bouch li: mwen pa relew pou jwèt,,évite kraze kòw. Slandie apèn ap antre nan plezi an premye kote zye'l al tonbe se sou Leo: mwen genlè mal wè. Nèg ki avèl la: kisa?? Slandie: anyen. Slandie pa kontan li fin kite nèg la metel chita li leve al kot mesyedam yo: Bonsoir.( la pa gade Leo nan zye). Leo sezi kotel chita an li santi tout manb li ale. Aswivv....Reyaji plis ❤️‍🩹💓 Svp edem pataje chaîne nan nan kontak ou statut ou lot kote ❤️‍🩹✍🏻
❤️ 👍 😂 😢 😮 🥰 ❤‍🔥 🙏 💃 297

Comments