𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
June 20, 2025 at 07:52 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie* Violanda nan chanm Leo an: mwen ta relel menm pa konn kotel ale. Leo te andan an,,li chita anfas yon demwazèl belle bagay santi bon,,gran lam 2 diva Leo pap ka ranse avèl,,lap rale chicha voye nay yo nan figi Leo. Leo: Daisy mwen dwe ale dim sa wap dim lan. Daisy riiiiiire: nap pase nwit lan ansanm ak 2 medam. Leo riiiiiire: ou pa serye. Daisy bo'l li pase langue li sou bouch Leo li souse bouch li: mwen pa relew pou jwèt,,évite kraze kòw. Slandie apèn ap antre nan plezi an premye kote zye'l al tonbe se sou Leo: mwen genlè mal wè. Nèg ki avèl la: kisa?? Slandie: anyen. Slandie pa kontan li fin kite nèg la metel chita lI leve al kot mesyedam yo: Bonsoir.( la p gade Leo nan zye). Leo sezi kotel chita an li santi tout manb li ale : Slandie sa wap fèla ? Slandie: ou menm poum ta poze kesyon sa Mr Cooper pandan Violanda lakay ou , ou menm wap enjoy ou avek lot fi. Daisy: ki moun sa Leo sak pase se youn nan moun ou konn kouche yo. Slandie : femen Dan w ti pa bon si Leo te konn kouchew ebyen chérie sa fini kounya , Leo pa konn kouchem e li pap janm kouchem paskel se frèm ok. Leo: Slan saw panse a se pa sa chérie. Slandie: m poko mandew eksplikasyon Leo kitem fin pale , eyy ou menm jèn fi Leo ou te konnen avan an pa menm moun nan ankò kounya li se yon père de famille li gen pitit li gen fiyanse très bientôt li pral marye 2, 3 grenn plumen li te bow nan pase yo kenbel pou ou paskel konn peyew pou plumen yo siw toujou kontinye nwil non selman map bat ou e map touyew. Daisy: wap touyem ou pa konn kiyes mwen ye zèlvèt. Slandie lonje dwèt nan figil : mwen pa bezwen konn kiyes ou ye manman 2 pou 3 dola , se premye e denyè avètisman siw pa kite Leo anrepo avèm wap jwenn , ou menm Leo mache vin al banm eksplikasyon. Alexandra te wè lè Leo soti a li poko tande bri machine nan vini lal kot Violanda a. Alexandra: Pilar. Violanda: oui madame. Alexandra pa kontan : koman madanm nan Vio? Violanda souri : manmie ,, ou menm tou ou relem Pilar siw te di pitit fim mtap di manmie. Alexandra: map di Pitit fim kounya, Leo poko antre toujou. Violanda: mwen poko wèl toujou non. Alexandra: Kay Bruno li sanble ye lap vini Andoo poko reveye toujou non telman menm dous wi. Violanda: li konn palem de Bruno vreman yal regle piwèt gason yo, menw dous vre wi depi lew pranl lan li domi. Alexandra: lanmou yon grann se konsa wi mèsi pou jwa sa Pilar mwen ka wè pitit gasonm nan heureux avew pa fèl soufri pou mwen. Violanda: mpap fèl soufri manmie paskem renmen Leo anpil. Alexandra: m kontan tande sa male ma fille. Slandie te fache anpil position li wè Leo an pa fèl byen,,paske'l konnen Violanda soufri se sak fèl pat janm vle al nan renmen. Daisy: Leo gen pitit , gen fiyanse istwa sa yon jan flou. X: li pa pyès flou li konn kouche plizye fi kapap se youn ki kwoke yon pitit nan kòlèt li. X2: gendwa sa vreman mpap vin la pou granmesi non vin al danse poun jwenn yon neg poum fè kob sware a. Daisy : mwen wè ti makak lan ap banm presyon m poko fin avek Leo non map pranl kanmenm. Slandie kanpe li kwaze menl : map tandew wi fè rapid. Leo : avanm komanse map diw sorry paske w pat gendwa jwenn mwen nan lieu sa , nan pozisyon sa avek yon lot fi , ou fèm konfyans et mwen ak bon zanmiw,,demoiselle ou sot wè a se ansyen moun mwen mpa gen yon bon pase Slandie paske apre kèm te fin brize plezim se kouche fi pasi pala. Slandie: pase ret pase Leo men siw konnen ou soti pouw fè Violanda kriye map fèw kriye avan ok Landa se tout sam pa vle pèdi nan monde sa paske mwen konn tout istwal mwen temwen de tout soufrans li yo ,, se sexe friend ou yo te ye mpa wè rezon pou yap menasew si w paka fè yo sispann mwen menm map fè yo sispann. Leo : mèsi deskew konprann mwen Slan men mwen chanje depi menm jou mwen te wè Violanda nan bar la mpa menm moun nan ankò se kounya mwen konprann pwoveb kidi lavi a gen revè a. Slandie: ou poko konprann pwoveb la se kounya ou pral konprann li Sim pa manti menm Violanda pa konn kotew ye nan moman an Sim pat rive atan alèkile ou tap gntn sou 34 ke. Leo : li pa konnen kotem ye vreman menm telephone Nan mfemen. Slandie : antre lakay ou jere pasew ok siw paka bay pasew limit prezan w ap peye konsekans lan bon lannwit. Leo : bon lannwit Slandie banm al depozew. Se kounya Slandie sonjel te akonpanye paskel wè bonè Violanda avan tèt pal. Slandie : ou pa bezwen al depozem map antre poukont mwen met granmoun sou ou pouw jere madanm ou lew rive ok. Leo dil ok li deplase. Valencia rele Jayson yap pale. Valencia: mwen pat konnen se talè a li dim sa. Jayson: Humm men wap toujou Vin dekore a. Valencia: map toujou vini Jay esi w wè se nan menm graduation nou prale. Jayson ri: evre wi gendwa se nan menm lan antouka. Valencia: li kapap se menm lekol lan male nap wè demen freo. Jayson: nap wè demen sista Bonne nuit. Daniella ap admire Andyra kap domi. Daniella bol sou front : apre 2 ans ankò fok mwen genyon princess menm Jan avew. Mario relel . Mario: mwen pansew domi wi manmie. Daniella: mwen poko chérie kontantman fem paka domi. Mario: mwen konnen kew kontan men fok ou domi pouw ka pi belle demen ok. Daniella: map domi chéri , dim non ou tal chache costume lan papi . Mario : mwen tal chachel bb banm wè sa madam mwen ap fè la. Daniella limen lumière an: mwen ak pitanm pa. Mario sourire: kotew jwenn princess sa man? Daniella: pitit Leo mon amour. Ann kite moun yo kontinye pale. Dany te antre nan chanm lan: chéri sanble Leo poko antre vin jwenn Pilar toujou. Alexandra: pitit tig se tig , manmanm te toujou dim joumou pa janm donnen kalbas. Dany : Alex sispann ak vye propos sa yo se yon kesyon mwen pozew reponn mwen ou fini sispann blesem. Alexandra vire sou kabann nan : chen ki abitye bwè ze , se ze lap toujou bwè li gendwa sispann pou 2,3 jour. Dany pa reponn li lap pale nan kèl: nan yon ti tan ki pa two long wap retounen fè mariw konfyans Alex m renmenw anpil. Apre Valencia te fin pale avek Jayson nan li te tou pran telephone li ekri Bruno paske'l relel li pa jwenn li: merci pou lanmou'w papi mwen renmenw anpil mon amour bonne nuit ( li tou fèmen téléphone lan pou'l domi). 10h te pwan Leo deyò li te antre tou sispèk,,Violanda potko domi li pa dil anyen,,,Leo retire rad sou li,,li kouche tou tris domi pa vle pwanl. Leo li avanse kole ak Violanda : manmie. Violanda: mwen ka pozew yon kesyon Jace ? Leo : tout kesyon w vle mom,,janw kouche an se tankouw domi wi mom. Violanda leve chita: siw ta vin lakay mwen , m soti sanm pa diw mwen antre Nan 10h komanw tap reyaji ? Leo : manmie ki mòd kesyon sa. Violanda: wap reponn oubyen ou pap reponn. Leo : map reponn manmie: mwen tap pozew kesyon komanw fè soti san w pa dim , e poukisaw antre Nan 10h. Violanda : kounya poze tet ou kesyon an epi reponn li. Leo : chérie mwen dezole Sim te soti sanm pa diw sa Ann kite sa please mom. Violanda fache: ou gen chans se lakay ou mwen ye Leo sinon preferem pa pale. Leo ap manyenl Violanda pa vle. Violanda: ou gen enterè pouw pa manyenm sinon map rele anmweyyyy pou ou rete lwenm demen depim fin dekore mal lakay mwen tou bliyem pa nan griyen dan avèw ( li al kouche nan pwent kabann lan nèt). Leo santil cho li santil frèt li pa konn si se pa Slandie ki gentan rele Violanda ki dil sak te pase nan bar la. Tout moun kouche pou yo domi paske jounen demen an ap long pou yo. 4h Am Michael desann vin pran dlo poul bwè li wè Sonia nan Kwizin nan. Michael etone : Sonia sanblew pa domi. Sonia : mwen te domi Mesye mwen reveye poum ka komanse ak preparation yo ou konnen fok manje yo pare bonè. Michael: sispann relem mesye Sonia non an se Michael ok. Sonia souri : mwen byen kontanw komanse chanje Michael: mwen chanje net Sonia ansyen Michael la mwen anterel deja Lundi sdvle map retounen pran plas travay mwen e map mande demoiselle lan excuse. Sonia: waww kontinye sou menm lanse sa Michael mwen felisitew ak tout kèm. Michael: merci Sonia mwen ka fè res lè a kotew lan poum bow ti blag. Sonia: alcibiad ou ye kounya wap banm ti blag lan. Sonia te fini pa dakò pou Michael ret kotel lan moun yo fè tout rès Lè a ap bay Blag Michael edel Sonia nan kek bagay Sonia vreman kontan. Li deja 6h Violanda leve li antre Nan douche li fè twalèt apresa lal nan cuisine nan kot Liline nan. Violanda: Bonjour Madame. Liline : Bonjour Demoiselle ou te byen domi. Violanda: oui manmie merci,, m ka edew prepare déjeuner? Liline kontan : oui oui. Violanda ede Liline prepare déjeuner paske Liline patap gntn vreman paske tout manje graduation an se li kap fè yo. Valencia leve lontan li fin fè chocolat li bwè pal. Jayson rele'l: mwen preske rive wi. Valencia: map tann ou. Jayson: ebyen ok. Valencia tou rele Bruno: papi bonjour. Bruno ak tout domi nan zye: my love ou ok manmie. Valencia: wi beb mwen genlè dérangew. Bruno: jamais manmie( li ap detire). Valencia: mwen gentan fin bwè chokola papi,,leve pou'w manje mon amour mwen deja pwal deplase. Bruno: ou vle'm vin chachew honey. Valencia: non papi bisous, map relew lèm fini. Bruno: je t'aime mom. Alexandra ap parèt nan kizin lan: oh Violanda pa fè sa. Violanda: bonjour. Alexandra gade'l li deja wèl pa gen bonne humeur: nou byen medam ( li tou ap retounen). Liline gade'l: madame lan se yon bon moun siw abitye avèl wap damou'l. Violanda: mwen deja remake sa. Alexandra antre nan chanm Leo an li rale dra an sou li: Leo ,Leo a kilè ou antre yèswa. Leo ap vire: 10h pwal nan 11h man,,kote yon moun mwen te ale. Alexandra: kiyès wap vin bay manti sa? ou kite demwazèl lan la wal nan plezi ou,,kot saw te bezwen eritye la menm Leo. Leo chita: manmie svp mwen renmen Landa mwen patap janm blese'l mwen jwenn yon apèl move moman men pat gen anyen. Alexandra twazel li soti. Leo tou fouye yon chòt sou li: mwen mele wi talè se pwal papa'm. Nancey te sot travay tard hier kounya lap antre nan chanm Harry. Harry te gentan leve: brote vin isi pito. Nancey riiiiiire: papi 2 manmie ou byen. Harry: belle sœur ou bezwen ale ayiti ale avèl nan plas mwen,,mesye yo pa menm konn Sim en couple. Nancey: paskew tap swiv Flora toujou siw wèl bon pou wou kenbe'l mwen fin fè ti kè yo. Harry kanpe: Nancey ou vle'm fè surface ak yon pase kem pa renmen. Nancey: ou pa renmenl men gen konsyans ki pa klè se fot ou se wou pouki al jere sa,,eskew konn konbyen dega aksyon an koze? tout desisyon ou pwan gon konsekans sak diw paw la pagen swivi,,lap fache men lap fini pa kalme'l et wè se nan enterè li ou te ye pwan kouraj ou ak 2 men pou'w affronte reyalite kap tann ou an.( li soti). Harry: oui oui Nancy gen rezon mwen sipoze bal tout verite avanl trop tard. Violanda fin prepare petit déjeuner pou fanmi Cooper li prepare manje pou Andoo aussi li pral nan chanm Daniella la pandanl nan koulya a li kwaze avek Leo ki pral nan salon an. Leo : Bonjour manmie. Violanda pase sanl pa reponn Leo. Men Dany ki tap sot nan chanm li an wè aksyon an li rale Leo nan zòrye w antre anndan Chanm lan. Leo: jan w ralem nan fèm mal papa. Dany : kisam te diw avan menm ou te damou Pilar mwen pa diw pa pasel nan menm woulo ak lot yo , mwen pat diw depiw brizel map touyew , m pat diw Pilar se tankou pitit mwen pinga w fel kriye. Leo tris jan papal pale a konsyans li ap repwochel : mwen pa gen Etansyon fè Pilar mal papa paske mwen renmen l anpil , si seulement si mwen te ka retounen nan pase gen erè mwen patap fè ankò papa , mwen pa twonpe Pilar okontrè Pilar fèm vin moun mwen te toujou swete ye a Papa , Sim te soti yè se paseke sam fè nan pase yo ap swiv mwen jiska prezan m pa konn sa poum fè. Dany: pase ap swiv ou Jace sa se bagay pow Epi pa kite Pilar soti la sanw pa Mandel excuse ok. Leo: mwen Mandel excuse deja papa men. Dany: Mandel excuse tout tan li pa di wi Leo mwen konprann e padonew. Dany vire kite Leo kanpe nan chanm lan ap reflechi. Leo : mwen sipoze bay Violanda tout verite de yèswa avan Slandie dil tout bagay net . Mwen renmen Landa anpil mpa vle erè nan pasem yo kraze relasyon m pase ret pase . Violanda te frape Danie vin ouvri pou li. Daniella: Bonjour sis antre non. Violanda: Bonjour ma belle , kot Andoo. Daniella: li te reveye mwen fè twalèt li , li tounen domi ankò. Violanda: sanble fok mwen vin la souvan ak Andoo wi depi lè pitit lan vini an lap domi wi. Daniella ri : depiw jwenn lanmou se konsa wi , nan kilè wap komanse decor la? Violanda: Kounya menm depim fin pale avèw map tou ale. Daniella: dakò sis Mwen pral nan studio a bonè poum ka gntn fin penyen avan 11h. Violanda dil dakò li soti . Deja 7h gwo solèy fanmi Cooper , fanmi L'Amour te gntn fin pran petit déjeuner yo chak moun nan aktivite yo sa kap dekore , sa kap fè manje , sa kap netwaye Kay. Micka: nan 9h fok Wal depozem nan studio an Michael . Merline tap paret li tou reponn :m pral soti nap tou soti ansanm saw panse. Bildade: Micka fè atansyon ok. Micka : dakò papa je t'aime. Jayson te rive li rele Cia dil rive Valencia di lap vini. Valencia al di paranl li soti yo bal benediksyon li deplase. Jayson: la femme Dat wap dim ou fini sa. Valencia ri : bon mwen fini vre mte pot chocolat ak pain pou ou wi manjel avanw kondwi paskew soti bonè ou gndwa pako manje anyn. Jayson: komsi w te konnen m poko manje. Valencia te desann ankò al chache yon bagay li te bliye Jayson ap manje telephone li sone men se call video. Asha : Bonjour papi , kotew yela granm maten sa babe. Jayson: Bonjour chéri , mwen vin chache dekoratris lan pou Micka bb. Se menm moman Valencia ouvri pot machine nan li di : Valencia: Jay Ann ale bb li fin tard. Asha : Bb men ki dwa Dekoratris lan pou lap relew bb Jayson. Valencia etone paskel pat panse Jayson nan apèl. Aswiv..Reyaji plis 🍒 ✍🏻map fè nou konnen ke non chanje nan chaîne paske gen lòt chaîne kite gen menm non avek nou apprendre nap swiv toujou 🍒
❤️ 👍 😂 😢 😮 🫶 🙏 😔 🥰 317

Comments