𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
June 21, 2025 at 05:22 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie* Valencia: Jay Ann ale bb li fin tard. Asha : Bb men ki dwa Dekoratris lan pou lap relew bb Jayson. Valencia etone paskel pat panse Jayson nan apèl. Jayson : se yon zanmim chérie nou abitye pale( li gad Valencia ). Valencia dil tou piti: dezole. Jayson ri : nap pale après beb. Asha pa kontan: ok Jay. Violanda te mete tout matériel li deyò pou'l travay ,,lap bay balon yo van,,lap mare yo. Leo parèt: montre'm kisa pou'm fè pou'm edew manmie. Violanda fè tankou'l pa tande. Leo: ou konte ignore'm pou konbyen tan man. Violanda pa okipe'l lap bay balon yo van se tankou'l pa sou Leo poutan kèl ap bat byen fort. Leo chita: mwen renmenw Landa yon erè paka fèw fache nan eta sa mon amour mwen renmenw beb. Alexandra ap ranje andan lap vire tout bagay pou'l fè gran netwayaj,,Liline nan kizin lan ap pete tounen moun. Rosie pwal l'église li pase wè Layden yap pale: mwen vle ou banm repons Lay. Layden: matant ou pap dakò Rose pa menm bezwen mande'm sa. Rose: menw pa wè se yon bon ide,,chita andeyò pap garanti'm anyen,,sim ap travay map ka aprann nenpot ti bagay,,chita konsa pa bon pou mwen Lay,,matant dim met mouri si se pou li. Layden: mwen konpwann ou Rose map eseye pale avèl kisaw vle pwan la. Rose: anpil bagay tout sam ka fè lajan ladanl. Layden: pa wèl konsa bb,,aprann saw renmen pou metew deyò pito après ou fini. Rose: ok cheri map tann repons ou pita. Layden bo'l: wap vin wèm pita. Rose: wii Layden( li soti). Valencia: jan fi sa pa jwe gad janm manke metew nan cho. Jayson ri: pa enkyetew après sa kisaw konn fè ankò. Valencia ri: anyen ka dekore yon kote gras yon séminaire wi. Jayson: ou kwèw gen tout sak nesesè. Valencia: wi mwen gen lavi. Jayson ri: epa konsa yon sèl kou an nou zanmi ,,siw te maledve angran patap ka zanmiw. Valencia sourire. Merline te fon poze sou dosye Cooper. Micka te nan machin avèl pwal penyen: man ou renmen papam anpil. Merline: tankou 2 zye'm. Micka: avanl ou pat gen menaj. Merline ri: wii papaw pa premye menaj mwen,,avant mwen te gon nèg li se tout sam pat vle pèdi cheri,,malerezman lanmou an pat fin réciproque. Micka: ou toujou panse avèl. Merline ri: epa tout verite ki bon pou di( li gad Micka) saw panse cheri ou gon ti menaj. Micka: non man mwen jis pa vle nan pase plizye menaj et fok moun sa renmen'm. Merline: siw renmenl ou dwe goumen pou li pa fè lach tankou manmanw. Micka gadel: ou Regrèt. Merline: non ma cherie paske'm gon bel fraye,,nou jis kontinye viv ak pase yo( lap pale nan kèl) nèg mwen te vle an pa genyenl wi mwen Regrèt. Lè an pat ret chita,,Valencia te rive li komanse travay kas li nan zòrèy lap travay. Harry rele mesye yo sou call vidéo. Leo pwanl li tou deplase: sak genla freo. Harry: apa nou ti frère. Bruno monte: sa nou gen. Harry ri: bon Bruno kot fanm nou yo. Leo: saw bezwen nan fanm nou. Harry ri: fanm frèm mwen vle wè. Bruno: mwen ki prel mwen poko wè déesse lan pa bezwen di se wou. Leo: kitel pale le li vini nap fè yon sware. Harry: map ayiti lot semaine. Mesye yo ri paske se yon mirak yo kontinye pale. Tout medam yo te nan salon,,li 10h apèn Daniella rive lakay li,,Violanda te prèske fini ak décor an medam yo te lakay yo ap abiye. Alexandra : lè Pilar fini tou bay li pla yo. Liline: nou deja prèske fini. Alexandra: cocktail yo fin près. Liline: mwen fè 2 sèlman. Alexandra: merci chérie. Liline ap jere afèl. Li deja 11h seremoni an se pou midi li te ye,,medam yo gentan ale epa ti limen medam yo ap limen,,surtout pou Daniella koulè an ale ak koulè peau li,,bel ti pitit san tach ,,Violanda santil fyè 2 travay li li bay Daniella yon bel décor tout moun kontan et satisfait,,li ap ranje valise li pou'l ale. Alexandra menm byen belle se Violanda ki makiyel: ou te dwe vini ak rad ou la Pilar. Violanda: pat gen sa nan idem et mwen pa santim byen. Alexandra: yon ezkiz ma cherie degajew pou'w al preparew map tann ou. Violanda bay yon soupi: dakò. Alexandra sourire li desann pou'l ale ak Dany kitap tann li. Violanda pwan Andoo pou'l ale,,lap soti pou lal pwan taxi,,Leo tal depoze Daniella. Violanda te rive lakay li,,lèl rele Slandie. Slandie : moun yo domi nan siwo. Violanda : se pou siwo te tandew, komanw ye ma. Slandie : mwen byen pitan'm et nou. Violanda : nou byen mwen sèlman pa anvi met pye'm nan bagay graduation sa jodya. Slandie konpwann : sak pase bon Leo fin achete rad yo pa fè sa. Violanda : ahhh Didie et mwen pouki diw janm santi'm imilye,,manmanl fin ap pale avèm dim janl vagabond lè nou monte mwen pozel kesyon li pito soti antre byen tard sanl pa dim kotel ale,,et lèm mandel koze li vle'm pase sousa,,genlè se vi selibate an ki bon pou mwen. Slandie : si manmanl tap diw janl vagabon epa moman pou wap fè kolè,,,sal fè an pa bon men pa bliye se wou pouki ralel mennen vini a ou,,sispann konpotew tankou yon timoun 15an,,met fanm sou wou pou'w afronte Leo ak tout fanm li yo,,li renmen Andoo li dil renmenw se konpotew byen. Violanda : oufff ok voye machin lan pou mwen map ale avèl pito. Slandie ; metew belle wi. Violanda sourire li rakwoche,,li tou al prépare Andyara avan,,Leo te achete rad pou yo ki pwale ak chemiz li depiw we yo wap deja wè se fanmiy. Hillary pwal nan kou lap pale ak Victor nan telefòn : wi papa. Victor : fèl tann nou wi si nap soti pa antre tard sèlman. Hillary : pa konn pou Kiara menm pap soti papa. Victor: ok manman nou voye bizou pou nou. Hillary dil bizou osi. Kiara : eske mesye sa pa yon zanj? Hillary : wi zanj nou Bondye voye pou nou,,après konbyen ane ap soufri anba move kè an gad jan nap sourire ,,nou pat janm lèd vre lajan ki pat gen. Kiara : disa fort et gras Jesus me nou kounya. Medam yo sourire kè yo toujou kontan kounya. Kay L'amour tout moun te ale Bruno te vin chache Valencia pou lal abiye,,Jayson tal chache Asha,,mesye yo satisfait 2 beauté menaj yo. Merline nan machin ak Bildade mwen pa bezwen diw pouw deja imajine jan Merline belle: tankou'w kitem Bildade. Bildade pa okipe'l. Merline: ou pap reponn mwen poukisa? se mwen ki toujou ap diw pa dwe gen haine kont mesye an,,ou mal tande yon bagay. Bildade kanpe machin lan li fè yon bri: silans banm tèt mwen fout,,mwen barew kap bay tèt ou fo bwa kap rele non yon nèg kew te bezwen se li ki pat bezwenw,,yon nèg ou chwazi mete anfas mwen kounya wap ouvri bèk ou dim te mal wè ou pwanm pou kisa hein pou fout kisa. Merline sezi zye'l ap kale gade Bildade li paka di anyen paske'l konn li pa jwe lèl fache. Bildade : si se pat pitit fi'm kitap gradué la tap fèw flanke pat ou atè pèlen gate ras. Merline paka oze di anyen Bildade derape machin lan ak yon vitès. Nan lakou kote cérémonie an pwal fèt la,,tout étudiants ap lumen andan an,,medam et mesye yo waw mèt seremoni an deja andan an,,anpil envite la marenn parenn,,zanmi tout prezan. Asha: nou réussi. Daniella : yes après tout tan ap mache al nan kou. Asha sourire : mari'm vrèman beau. Daniella : epa pase pa'm lan. Mesye yo te chita. Leo fin benyen li pwan costume li ak afèl li met nan machin lan: Liline fèmen baryè an wi lè nou vini wa ouvri. Liline: dakò mesye. Leo rele Bruno : ou fini. Bruno: prèske Cia mwen pwal pase chache. Leo: nap wè lot bò an pwal met rad kay Violanda. Bruno: nou poko jere sa. Leo: non et sa ap pi grav si Slandie dil kotem te ye. Bruno: pa kwè lap disa freo. Leo: nap wè lot bò an broh. Violanda gentan fin mete pitit fi'l byen belle,li bay gade ti komik pul pa sal kò li,,li menm lap okipe kòl. Nan kèlke minute cérémonie an ta pwal komanse ,,,diplômé yo deja ap antre andan an avèk yon chanson byn dous,,Alexandra chita bò kote Dany zye'l tonbe nan zye Bildade li gade'l epil tounen tèt li,,men Bildade pa sispann gade'l. Met cérémonie an: Monsieur le Recteur Monsieur le parrain et madame la marraine de notre promotion, mesdames, messieurs Cher membres du corps administratifs et professoral ; Distingués invités en vos rangs Très chers parents ;amis et camarades de la promotion 🥰 Quelle belle aventure sommes-nous entrain de marquer par cette cérémonie de collation de diplômes 🎓 ! Nous voici arrivés après un long voyage, et à une transition essentielle de notre vie professionnelle. Nous avons semés de bons grains,les fruits desquels nous sommes fiers de moissonner Aujourd'hui. Nous sommes fiers d'avoir durement travaillé pour mériter le valeureux diplômes 🎓 sanctionnant notre étude Nous avons partagé des moments forts au cours de notre apprentissage des liens d'amitiés se sont tissés, des connaissances ont été partagé. Nous sommes fiers des sacrifices consentis par nos très chers parents qui nous ont bercés, éduqués et accompagnés jusqu'à la fin de cette étape,nous dédions nos diplômes 🎓 à vous chers parents, applaudissez-vous👏🏻👏🏻car vous les mérite Je tiens aussi à promulguées mes dires à vous mes chers camarades "La clé 🔑 de la réussite n'est autre que la détermination vers un objectif difficile malgré les obstacles." Certes nous en avons fait preuve pour y parvenir là où nous sommes, mais il nous en faut plus ➕ car c'est la détermination qui conditionnera notre réussite sur le marché du travail "Détermination, calcul,persévérance, présence d'esprit et mémoire, voilà tout ce vous en avez besoin pour réussir. " Et pour terminer ;un sage a dit <>Que le grand architecte de l'univers qui a su nous protéger durant ce long parcours, continue à nous combler de sa grâce. Merci à vous tous qui avez fait le déplacement pour rehausser l'éclat de cette cérémonie exceptionnelle, 🙏merci. Tout moun bat bravo après bel discours sa. Leo te deja fin abiye kay Violanda,,moun yo belle, Leo te pot 3 kado yo chak gen youn ni Andoo pou bay tati li. Bruno prèske rive ak Cia devan an moun yo belle yap pale antre yo. Valencia: ou ta fèm pote yon bagay pou demwazèl la cheri. Bruno: dèyèw la gen 2 kado ofril youn. Valencia vire gade lap sourire: yon mari konsa ou rien. Bruno sourire: et madanm mwen djòlè. Valencia bo'l: pou mari'm zafè. Bruno: kitem kondwi byen demwazèl svp. Valencia dil yon bagay nan zòrèy. Bruno gade'l li sourire li tou silans. Mesyedam yo rive ansanm Violanda pa ale ak machin lan li te oblije monte pa Leo an. Leo desann ouvri porte yo li pwan Andoo mete atè,,moun yo ap soti. Bruno ap vini anfas li: yow. Leo: freo. Bruno kenbe men Valencia: ou kwè'm pata fè présentation yon fwa,kot madanm ou. Leo: lal fè Andoo pipi. Bruno: Cia kite'm prezantew frèm, zanmim,baz mwen ,,yow map prezantew madanm mwen. Leo sourire li bay Cia lanmen: Jace Leo Cooper kontan rankontrew Cia,,mwen paka pa diw frèm resi pa bay manti madanm li jis waw. Valencia sourire: merci mwen kontan rankontrew tou mwen tande pale 2 wou anpil. Violanda vin parèt: Bonsoir. Leo pwan men medam li yo: Cia se madanm mwen ak pitan'm,,Yow anfen anfen. Bruno bay Violanda lanmen: ou pa bezwen di anyen boss,,mwen kontan rankontrew anfen Violanda nonw se chak sekond lap site lèm ak nèg sa. Violanda sourire te gen bel anbyans nan mitan nèg yo,,Andoo se bo kote Bruno li rete,,Jis Violanda potel bay Alexandra andan an. Seremoni an te dewoule trè byen yo tap remèt bagay yo,,sak gentan soti al fè photo ak fanmiy yo. Jayson ap soti al pwan machin li. Valencia frape'l: mwen te diw nap menm kote. Jayson sourire: mwen manke pa rekonet ou twop beauté wow. Valencia sourire: merci freo. Jayson: mesye an la. Valencia: wi li ak zanmi'l. Jayson: ou ka banm yon câlin. Valencia sourire li mache sou li,,li anbrasel,,Asha ap parèt,,Bruno kanpe sèk sou aksyon an. Sispann pote'm plent Cia mezanmi 😩moun yo pap ansanm😩 Aswivv…Reyaji plis❤️
Image from 𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖: Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*  Valencia: Jay Ann ale bb li fin ...
❤️ 👍 😂 🙏 😢 😭 ❤‍🔥 🌹 👏 219

Comments