
Temple Dahomey
34 subscribers
About Temple Dahomey
Sa se kanal Ofisyèl Page Temple Dahomey kap dirije pa Ougan Emmanuel. Sou kanal sa a nap pataje anpil konesans mistik ak anpil resèt kap edew rezoud anpil problèm e wap jwenn anpil bon konsèy mistik kap edew pou tout viw. Ou ka ekri nou sou WhatsApp +1829 445 2534 pou kesyon, konsèy prive ak siw bezwen sèvis nou.
Similar Channels
Swipe to see more
Posts

Lontan lè yon moun pral vwayaje Li te konn al en provens poul al mete proteksyon ak chans sou li, epil mande bitasyon pèmisyon avanl deplase. Konsa moun sa yo menm si yo ta ilegal nan yon peyi chèf pap janm wè yo nan lari ni vin lakay yo, Moun sa yo te gen yon paròl yo renmen di: "se Mwen kite deside vini mwen prale lèm vle, blan an paka deside pou mwen" e moun Sa yo pa janm pase yon Mwa san yo pa travay. Men kounye a moun yo pati san mande pèmisyon yo pa mete anyen sou yo moun yo pati tou devenn, yo rive nan peyi moun yo yap fè 1 an san yo pa travay pandan ke se pou afè pa bon kew pati. Yon peyi kote plen aksidan moun toujou ap tire moun san rezon ou paka ap viv ladan san proteksyon, e plen lòt nasyon nan peyi a ki vin travay tou yo menm chak jou yap fe maji pou chans yo ka moute pou chèf travay la ka renmen yo, ou menm ki rete la san fè anyen an ou pap janm pran promosyon nan travay la e yo ka revokew lè yo vle kise yon derespektan paske nou menm ayisyen moun pa revoke nou nan travay konsa konsa se lè

Yo toujou di se Nèg sòt ki pran pwen kay Djab, se Nèg sòt ki al fè sakrifis bay tèt yo pou yo ka gen lajan. rezon ki fè yo di sa a se paske nan vodou a gen anpil gro regleman ke yon moun ka itilize pouw gen lajan sanw pa oblije al bay tèt ou nan Diable, se vre ke reglamn sa yo pafwa koute chè paske yo konn bezwen achtè bèf ou kochon ak anpil lòt medikaman pou travay sa yo fèt, men yo pi bon ke al nan djab la paske aprèw fin fè travay sa a pa gen moun kap mouri wap ka jwi lajanw san probèm. men lew al bay tet ou a ou pap janm viv anpè vre chak jou wal panse pou jis ou mouri o Diable la toujou manje moun nan avan lè li te bali a. Mwen konseye nou itilize regleman Vodou a pito poun ka gen lajan pa al nan fè sakrifis ni nan vann tèt nou poun gen lajan moun ki gen konesans pa aji konsa. Pou kesyon ak sijeksyon ekri nou nan WhatsApp +1829 445 2534 Awoshenago 🥃🔥🐎🛡️⚔️

Depi se nan mond sa a wap viv Ou ka toujou rankontre problem sou rout ou sa a tout moun konnenl, Men siw ta gade ou wè depi nan 20 a 35 ans se problèm selman wap rankontre nan viw ou pa janm ka rale yon souf, ou pa janm ka fòme yon fwaye o lèw ta resi gen youn li kraze apre 2 jou o se problèm diskisyon chak jou, biznis ou pa janm ka mache, tout tan yap revokew nan travay, machine toujou ap pran pán lè se pa sa se aksidan, Ou pa janm fè yon semen nan lapè laviw toujou boulvèse. Ou sipoze mande kisa kap pase nan laviw ou paka kite sa konsa fok ou jwenn yon solisyon laviw paka tèt anba konsa epiw rete byen vag, siw kontinye konsa wap granmoun sanw pa janm reyalize anyen nan viw E a 30 ans 50 ans ou pap ka ret sou kont moun toujou non. Se depi kounye a wi pouw met kòw deyò pandanw jèn nan pandanw ka travay la pouw al chache konnen kisa kap pase nan laviw konsa, pouw konnen KISA o KIYÈS ki koz laviw paka anpè a Pouw konnen poukisa tout boulvès sa yo nan laviw. Pouw konnen rezon ki fèw paka gen yon bon travay Fiks, yon bon Kay pouw rete, Yon machine, yon Bon Fwaye tou pouw viv byen tankou tout moun. Si se nan bitasyonw pouw ale pouw al regle kozew se pouw ale e siw paka ale Tcheke yon bon Ougan o Manbo pouw ka jwenn yon solisyon ou paka Vag ak laviw konsa Mizè pa dous, e nan saw ye a se ou ki pou soti tèt ou. Ekri page la sou +1829 445 2534 Pou kesyon o pouw ka regle koze pèsonèl ou. Bon enèji a tout eritye yo.